Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 14:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Gen yon kolonn Jwif ki met ansanm ak lidè yo, avèk kèk moun lòt nasyon tou, pou yo ta fè yon jan ak Pòl ak Banabas, yo te vle touye yo ak kout wòch.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Jwif yo, moun lòt nasyon yo ansanm ak chèf yo t'ap pare pou maltrete Pòl ak Banabas, pou touye yo ak kout wòch.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Lè Jwif yo avèk ofisye yo ansanm ak pèp etranje yo te tante maltrete yo, e te fè plan lapide yo,

参见章节 复制




Travay 14:5
16 交叉引用  

Men, mwen m ap di nou: renmen lènmi nou yo, priye pou moun k ap pèsekite nou.


Mande Bondye pou l beni moun ki mande pou move bagay rive nou. Priye pou moun ki maltrete nou.


Lè Jwif yo wè tout moun sa yo te rasanble, yo vin gen anpil jalouzi nan kè yo. Yo tonbe ap demanti tout sa Pòl t ap di, epi yo tonbe joure.


Men, Jwif yo menm te monte tèt yon ekip gwo medam lavil la ki te konvèti nan relijyon yo a, ansanm ak lidè yo pou soulve yo kont Pòl ak Banabas. Yo tout te tonbe pèsekite Pòl ak Banabas epi yo chase yo mete deyò nan vil la.


Apre sa, yon ekip Jwif vin rive soti Antyòch nan Pisidi ak Ikonyòm. Yo pran tèt pèp la pou fè yo leve kont Pòl. Konsa, moun yo kalonnen Pòl ak kout wòch epi yo trennen l mete deyò lavil la. Yo panse l te gentan mouri.


Men, te gen nan Jwif yo ki pa t kwè. Yo monte tèt moun lòt nasyon yo pou fè yo fache epi pou yo ka leve kont kwayan yo.


Sa te fè vil la te vin gen de kan ladan l. Yon gwoup te dakò mache nan lojik Jwif yo, lòt gwoup la menm te patizan apot yo.


Men, Jwif ki pa t kwè yo menm te vin jalou. Konsa, yo rasanble yon ekip chimè nan tout vil la. Yo mete yo an gwoup pou vin fè t ap aj nan vil la. Yo al lakay Jazon pou y al chache Pòl ak Silas. Yo te vle mennen Pòl ak Silas devan pèp la.


Poutèt mwen vwayaje anpil, mwen rankontre danje nan larivyè k ap desann, danje nan mitan bandi, danje nan men pwòp konpatriyòt mwen, danje nan men moun ki pa Juif. Mwen te an danje nan vil yo tankou nan zòn rekile yo, tankou sou lanmè. Mwen te an danje nan mitan fo frè yo.


Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide, legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete.


Yo fè tout sa yo konnen pou anpeche nou pataje Bòn Nouvèl Jezikris la ak moun lòt nasyon yo. Yo pa vle payen yo sove. Konsa, yo rive nan dènye bout mechanste yo. Lè sa, yo tonbe anba kòlè Bondye.


Avan nou rive Tesalonik, nou te gentan pase pa nou anba men moun Filip yo. Men Bondye te ban nou kouray pou nou preche Bòn Nouvèl la, menm lè te gen obstak nan Tesalonik.


Ou konnen kijan yo te atake m di, ak tout soufrans mwen te konnen nan Antyòch ki nan Pisidi a, nan Ikòn, nan List. Wi, mwen soufri anpil. Poutan, Senyè a delivre m anba tout latwoublay sa yo.


跟着我们:

广告


广告