Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 14:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Pòl ak Banabas rete Ikonyòm pandan yon bon bout tan ankò. Yo pwoklame mesaj konsènan favè Bondye a avèk anpil konviksyon. Senyè a bay Pòl ak Banabas pouvwa pou fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l montre sa yo t ap anonse a se vre.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Senyè a. Senyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l te moutre sa yo t'ap di a te vre.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Malgre sa, yo te rete la pou anpil tan, e t ap pale avèk kouraj. Yo te depann de Senyè a, ki t ap temwaye de pawòl lagras Li a, e te pèmèt ke sign ak mèvèy te vin fèt pa men pa yo.

参见章节 复制




Travay 14:3
17 交叉引用  

Apot yo ale epi yo preche toupatou. Senyè a te avèk yo. Li t ap konfime mesaj yo t ap preche a avèk mirak ki te akonpanye yo.


Alò, Jezi di li: “Nou menm, tout tan nou pa wè gwo mirak ak mèvèy nou p ap janm kwè.”


Men, Pòl ak Banabas pa t kraponnen, yo di: “Nou te gen pou n pwoklame Bòn Nouvèl Bondye a bay nou menm jwif yo anvan, men nou refize tande l. Sa vle di nou pa konsidere tèt nou kòm moun ki bon ase pou n gen lavi etènèl la. Kidonk, kounye a nou pral kòmanse preche moun lòt nasyon yo.


Nou menm moun Izrayèl, koute byen sa m pral di nou an: Jezi, moun Nazarèt la, se te yon moun Bondye te voye. Bondye te fè nou wè sa pa mwayen tout mirak, tout mèvèy ak tout siy li te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Se bagay nou tout konnen trè byen.


Men, pou mwen menm, m pa gade lavi m tankou yon bagay enpòtan pou m chache pwoteje. Sa k pi enpòtan pou mwen se pou m fè travay Senyè Jezi banm fè a, pou m anonse Bòn Nouvèl konsènan gras Bondye ap ofri moun nan.


Kounye a, m ap remèt nou nan men Bondye epi m ap konfye nou mesaj konsènan gras Bondye a ki gen puisans pou fòtifye nou. Mesaj sa a kapab fè nou jwenn tout benediksyon Bondye bay tout moun ki apa pou li yo.


Apre kwayan yo te fin priye Bondye konsa, kote yo te rasanble a te pran tranble. Tout moun ki te la, san manke youn, te vin ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe preche mesaj Bondye a san pè anyen.


Nou menm k ap pale avèk ou la a, nou se temwen tout bagay sa yo. Sentespri a Bondye bay tout moun ki chwazi obeyi l yo, li kapab jistifye tout bagay sa yo tou.”


Pou mwen, pa gen wont nan prezante Bòn Nouvèl la. Paske se puisans Bondye li ye, pou sove nenpòt moun ki kwè: pou sove Jwif yo an premye, epi kounye a pou sove sa yo ki pa Jwif tou.


Avan nou rive Tesalonik, nou te gentan pase pa nou anba men moun Filip yo. Men Bondye te ban nou kouray pou nou preche Bòn Nouvèl la, menm lè te gen obstak nan Tesalonik.


Bondye kore mesaj la ak tout kalite prèv tou tankou siy ekstrawòdinè, mèvèy, ak tout kalite mirak. Anplis, li bay tout kalite don, selon pwòp volonte l pa mwayen Sentespri a.


跟着我们:

广告


广告