Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 14:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Men, te gen nan Jwif yo ki pa t kwè. Yo monte tèt moun lòt nasyon yo pou fè yo fache epi pou yo ka leve kont kwayan yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Men jwif ki pat kwè yo moute tèt moun lòt nasyon yo, yo fè yo vire sou do Pòl ak Banabas.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Men Jwif ki pa t kwè yo te boulvèse lespri pèp etranje yo, e te vin fè yo vin egri kont frè fidèl yo.

参见章节 复制




Travay 14:2
14 交叉引用  

Nenpòt moun ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl. Men moun ki pa obeyi Pitit la p ap janm gen lavi sa a. Pa gen chape pou yo anba kòlè Bondye.”


Yon jou, tout frè yo te rasanble. Te gen anviwon san ven (120) moun kon sa ki te la. Pyè kanpe nan mitan foul la, li di:


Lè Jwif yo wè tout moun sa yo te rasanble, yo vin gen anpil jalouzi nan kè yo. Yo tonbe ap demanti tout sa Pòl t ap di, epi yo tonbe joure.


Men, Jwif yo menm te monte tèt yon ekip gwo medam lavil la ki te konvèti nan relijyon yo a, ansanm ak lidè yo pou soulve yo kont Pòl ak Banabas. Yo tout te tonbe pèsekite Pòl ak Banabas epi yo chase yo mete deyò nan vil la.


Apre sa, yon ekip Jwif vin rive soti Antyòch nan Pisidi ak Ikonyòm. Yo pran tèt pèp la pou fè yo leve kont Pòl. Konsa, moun yo kalonnen Pòl ak kout wòch epi yo trennen l mete deyò lavil la. Yo panse l te gentan mouri.


Sa te fè vil la te vin gen de kan ladan l. Yon gwoup te dakò mache nan lojik Jwif yo, lòt gwoup la menm te patizan apot yo.


Gen yon kolonn Jwif ki met ansanm ak lidè yo, avèk kèk moun lòt nasyon tou, pou yo ta fè yon jan ak Pòl ak Banabas, yo te vle touye yo ak kout wòch.


Men, lè Jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t ap anonse mesaj Levanjil la nan Bere, yo te vini la tou pou pran tèt foul la epi kreye tapaj.


Men, Jwif ki pa t kwè yo menm te vin jalou. Konsa, yo rasanble yon ekip chimè nan tout vil la. Yo mete yo an gwoup pou vin fè t ap aj nan vil la. Yo al lakay Jazon pou y al chache Pòl ak Silas. Yo te vle mennen Pòl ak Silas devan pèp la.


Nan epòk lè Galyon te gouvènè nan rejyon Akayi a, kèk pami Jwif yo te met tèt yo ansanm pou konbat Pòl. Sa te fè yo te trennen l devan tribinal.


Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide, legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete.


跟着我们:

广告


广告