Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 13:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Lè Banabas ak Sòl rive nan vil Salamin, yo kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Lè yo rive Salamin yo tanmen anonse pawòl Bondye a nan sinagòg jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis Jean te la pou ede yo.

参见章节 复制




Travay 13:5
20 交叉引用  

Men se pa kon sa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, nenpòt moun ki vle jwe wòl lidè nan mitan nou bezwen jwe wòl sèvitè nou.


Lè Pyè wè li deyò toutbonvre, li ale tou dwat lakay Mari, manman Jan, jen nonm yo te konn rele Mak la. Anpil moun te rasanble lakay Mari, yo t ap priye Bondye.


Apre Banabas ak Sòl te fin akonpli misyon yo, yo soti Jerizalèm, yo tounen Antyòch. Yo te pran Jan, jen nonm yo abitye rele Mak la, pou vini avèk yo.


Lè yo kite Pèj, yo kontinye vwayaje pou ale Antyòch ki nan Pisidi. Nan jou repo a, yo antre nan Sinagòg la epi yo chita.


Men, Pòl ak Banabas pa t kraponnen, yo di: “Nou te gen pou n pwoklame Bòn Nouvèl Bondye a bay nou menm jwif yo anvan, men nou refize tande l. Sa vle di nou pa konsidere tèt nou kòm moun ki bon ase pou n gen lavi etènèl la. Kidonk, kounye a nou pral kòmanse preche moun lòt nasyon yo.


Pòl ak Banabas pati al nan Ikònyòm. Rive yo rive la, yo antre nan Sinagòg Jwif yo. Yo tèlman pale byen nan sinagòg yo, anpil Jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè nan mesaj yo t ap preche a.


Banabas te vle pou Jan, jenn nonm yo abitye rele Mak la, akonpanye yo nan vwayaj la.


Nan Sinagòg la, li te fè anpil bon diskisyon avèk Jwif yo ak Grèk ki te konn adore Bondye yo; men, chak jou, li te konn al sou plas piblik la tou pou pale ak moun k ap pase sou plas la.


Chak saba, Pòl te toujou tanmen kèk bon diskisyon ak moun yo nan Sinagòg la. Li t ap eseye konvenk Jwif yo ak Grèk yo tou.


Pòl voye Timote ak Eras, de nan moun ki t ap ede l yo, ale Masedwàn, tandiske li menm li te rete pou yon ti tan ankò nan Lazi.


Dezòd la te gaye nan tout vil la nèt. Apre yo fin mete men sou Gayis ansanm ak Aristak, ki se moun peyi Masedwàn ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la.


Pòl te ale nan Sinagòg la kote l t ap pale avèk anpil asirans. Li te kontinye fè sa pandan twa mwa. Chak okazyon li te jwenn pou l diskite ak Jwif yo, li t ap eseye konvenk yo pou yo aksepte mesaj li t ap anonse yo konsènan wayòm Bondye a.


San l pa t pran tan, li te kòmanse ale nan tout sinagòg yo ap pale de Jezi. Li t ap di moun yo, “Jezi se Pitit Bondye!”


Aristak ki nan prizon ansanm avè m isit la voye salye nou. Mak, kouzen Banabas la, li voye salye nou tou. Se li menm mwen te di pou n resevwa byen si l vin lakay nou.


Se sèlman Lik ki rete avè m. Lè w ap vini, mennen Mak avè w, paske l ap enpòtan pou mwen nan travay m ap fè isit la.


跟着我们:

广告


广告