Travay 13:43 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil43 Apre reyinyon an nan Sinagòg la, anpil jwif ansanm ak moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Pòl ak Banabas te sezi okazyon an pou ankouraje yo pou yo kontinye kenbe fèm nan gras Bondye a. 参见章节1998 Haïtienne43 Apre reyinyon an, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Apòt yo menm te pale ak yo, yo te ankouraje yo pou yo rete fèm nan favè Bondye. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen43 Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan gras Bondye a. 参见章节 |
Pòl chwazi yon jou ak Jwif yo pou yo pale, men jou sa a pi plis Jwif ankò te vini lakay Pòl. Depi maten rive jouk aswè, Pòl t ap eksplike yo epi li t ap preche yo wayòm Bondye a avèk fòs. Li pale yo de Jezi epi li t ap eseye konvenk yo. Pou sa, li te itilize Lalwa Moyiz la ak pwofèt yo pou l te ankouraje yo kwè nan Jezi, men yo pa t kwè.
Tout foul la te dakò nèt ak sa Apot yo te di a. Konsa, yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil lafwa nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri a. Anplis, yo te chwazi Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas, ak Nikola. Nikola sa a se te yon moun lavil Antyòch ki te konvèti nan relijyon Jwif yo, anvan menm li te kwè nan Jezikris.
Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè.