Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 13:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Sentespri a te voye Banabas ak Sòl. Yo pati ale nan vil Selesi. Pandan yo te Selesi, yo pran batiman pou y al nan zile Chip.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Se konsa, Sentespri te voye Banabas ak Sòl nan misyon. Yo ale nan peyi Selesi. Antan yo la, yo pran yon batiman ki pral zile Chip.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Konsa, ranvoye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre.

参见章节 复制




Travay 13:4
7 交叉引用  

Kwayan yo te gaye toupatou poutèt pèsekisyon k te kòmanse, lè yo te touye Etyèn nan. Gen ladan yo ki te al jouk Fenisi, Chip ak Antyòch. Malgre sa, nan tout kote sa yo, yo t ap pwoklame mesaj la bay Jwif yo sèlman.


Pandan mesye sa yo te reyini pou fè sèvis pou Senyè a, yo t ap fè jèn, Sentespri a di yo: “Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen pou travay mwen rele yo pou yo fè a.”


Konsa, legliz la fè jèn epi yo priye. Apre sa, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl epi yo kite yo ale.


Kèk tan apre, Pòl di Banabas konsa: “M panse nou dwe retounen nan tout vil yo kote nou te preche moun yo mesaj Senyè a. Ann al wè kijan y ap boule.”


Sèl sa m konnen, nan chak vil mwen pase, Sentespri a avèti m anpil soufrans ak menm prizon ap tann mwen la.


Nou pati kite vil sa a epi nou navige pase toupre zile Chip, paske van an t ap soufle nan yon sans kontrè.


Youn nan kwayan sa yo te rele Jozèf. Se te yon Jwif nan branch fanmi Levi ki te soti nan yon zile ki rele Chip. Apot yo te ba l ti non Banabas, ki te vle di “Nonm ki renmen ankouraje moun nan”.


跟着我们:

广告


广告