Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 13:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Pòl leve kanpe, li fè yon jès ak men l pou atire atansyon moun yo epi li di: “Nou menm pèp Izrayèl ak nou menm ki pa jwif, men k ap sèvi Bondye tou, fè yon ti koute m tanpri.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Pòl leve kanpe, li fè yon siy ak men l, epi li di: — Nou menm moun ras Izrayèl, ak nou menm moun lòt nasyon ki gen krentif pou Bondye, koute mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Paul te kanpe. Li te fè sinyal avèk men l, e te di: “Lezòm Israël yo, ak nou menm ki krent Bondye, koute:

参见章节 复制




Travay 13:16
29 交叉引用  

Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!


Lè Zakari te vin soti, li pa t kapab pale ak foul la. Lè sa a, yo vin reyalize li te resevwa yon vizyon anndan an. Se an siy sèlman li t ap kominike ak yo paske li te bèbè.


Li toujou gen konpasyon pou moun ki gen krentif pou li.


Men, lòt kriminèl la fè l pe bouch li. Li di l: “Ou gen lè pa pè Bondye, paske se anba menm kondanasyon an ou ye tou.


Kònèy te relijye anpil. Li menm ak tout moun lakay li te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil byen pou pèp Jwif la. Kònèy te konn priye Bondye detanzantan.


Li aksepte tout moun ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat, nan kèlkeswa nasyon yo soti.


Pyè fè yon sin ak men l pou fè moun yo pe, epi li rakonte yo kijan Bondye te fè l soti nan prizon an. Li di yo tou: “N a di Jak ansanm ak lòt frè yo sa k pase a.” Apre sa, li soti, l ale yon lòt kote.


Frè m yo, nou menm pitit pitit Abraram, nou menm tou ki pa jwif, men ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye fè nou konnen li vin delivre nou.


Men, Pòl ak Banabas pa t kraponnen, yo di: “Nou te gen pou n pwoklame Bòn Nouvèl Bondye a bay nou menm jwif yo anvan, men nou refize tande l. Sa vle di nou pa konsidere tèt nou kòm moun ki bon ase pou n gen lavi etènèl la. Kidonk, kounye a nou pral kòmanse preche moun lòt nasyon yo.


Kèk Jwif te chwazi yon nonm yo te rele Aleksann, epi ankouraje l pase devan, pou l pale ak foul la; se yo menm tou ki te di l sa pou l di. Aleksann fè yon siy ak men li, li te vle pran lapawòl pou pran defans Jwif yo devan foul la.


Apre sa, Pyè ansanm ak lòt onz apot yo leve kanpe. Pyè pale byen fò ak foul la, li di yo: “Nou menm Jwif parèy mwen ansanm ak tout lòt moun Jerizalèm, koute sa m ap di nou. Gen kèk bagay nou bezwen konnen. Koute byen sa m ap di nou ankò.


Nou menm moun Izrayèl, koute byen sa m pral di nou an: Jezi, moun Nazarèt la, se te yon moun Bondye te voye. Bondye te fè nou wè sa pa mwayen tout mirak, tout mèvèy ak tout siy li te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Se bagay nou tout konnen trè byen.


Kòmandan an bay Pòl pèmisyon pou l pale. Pòl kanpe sou mach la, epi li fè yon jès ak men li pou foul la ka fè silans. Lamenm, vin gen yon gwo silans nan foul la, epi Pòl pale avèk yo nan lang Ebre.


Lè moun yo tande Pòl di dènye pawòl sa yo, yo tonbe rele byen fò: “Touye nonm sa a! Nou pa fèt pou kite yon moun kon sa viv pami moun.”


Lè Pyè wè atitid pèp la, li di yo konsa: “Nou menm moun peyi Izrayèl, poukisa nou sezi kon sa a pou sa k pase a? Poukisa n ap gade nou kòmsi se ta nou menm ak pwòp puisans pa nou nou fè nonm nan leve mache, osinon paske nou bon devan je Bondye?


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa yo, dezyèm lanmò a p ap gen pouvwa sou yo.


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande kisa Sentespri a ap di legliz yo! Moun ki ranpòte laviktwa yo, m ap ba yo lamàn kache. M ap ba yo chak yon wòch blan tou. Sou wòch sa a, gen yon non nouvo ki ekri, yon non pèsòn lòt moun pa konnen, sèlman moun ki resevwa l la.


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo!


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa, m ap ba l dwa pou l al manje fwi pye bwa lavi a ki nan paradi Bondye a.


跟着我们:

广告


广告