Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 13:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Kounye a, Bondye pral frape w. Ou ap avèg. Ou p ap wè limyè solèy la pandan kèk tan. Menm lè a, Elimas vin avèg. Tout bagay vin tou nwa devan je l. Li t ap vire kò l adwat agoch, ap chache yon moun ki pou kenbe men l, pou kondui l.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Kounyeya, koute: Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan. Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agòch, li t'ap chache yon moun pou pran men l pou kondi li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Koulye a, gade byen men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.” Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen.

参见章节 复制




Travay 13:11
18 交叉引用  

Konsa, Jezi di: “Mwen vini nan mond sa a pou m fè de gwoup moun: pou moun ki pa wè vin wè, epi pou moun ki wè vin avèg.”


Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou Sòl, epi li di: “Sòl, frè mwen, Senyè a voye m pou ou kapab wè ankò epi pou ou ka ranpli ak Sentespri a. M ap pale de Jezikris, sila a ki te parèt devan w sou wout ou te pran pou mennen w isit la.”


Frè ak sè, kretyen yo, verite sa a ap ede nou wè nou pa konnen tout bagay. Men sa ki verite a: Yon pati nan pèp Izrayèl la ap fè tèt di, jouk tan gen ase moun ki pa Jwif ki vin jwenn Bondye.


Se yon bagay tèrib pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!


Fo pwofèt sa yo, se tankou sous ki pa gen dlo. Yo tankou nyaj gwo van ap pouse. Gen yon plas ki rezève pou yo kote ki fènwa anpil la.


跟着我们:

广告


广告