Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 12:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Zanj lan di l ankò: “Mare sentiwon w epi mete sandal ou nan pye w!” Pyè fè sa anj lan di l fè a. Apre sa, anj lan di l: “Mete manto w sou ou epi swiv mwen.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Zanj lan di li: — Mete sentiwon ou, mare sapat ou. Pyè fè tou sa. Zanj lan di l ankò: — Mete gwo rad ou sou ou, swiv mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.”

参见章节 复制




Travay 12:8
7 交叉引用  

Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife.


Nou ka mete sandal nan pye n, men nou pa kapab mache ak rad an plis.”


Ala benediksyon pou sèvitè sa yo Mèt la jwenn ap veye vini li! Sa m ap di nou la a se pawòl sèten, mèt la ap mete tabliye l sou li, l ap fè sèvitè yo chita bò tab epi l ap sèvi yo manje.


Sanzatann konsa, yon anj Bondye parèt, epi gwo limyè klere kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt li, li souke l pou l reveye, epi anj lan di l: “Leve vit!” Chenn ki te mare men Pyè yo tonbe.


Zanj lan soti kite prizon an, Pyè menm ap swiv li. Pyè pa t rann li kont si sa anj lan t ap fè a te reyèl. Li te panse li te nan yon vizyon.


Yèswa, Bondye m ap sèvi a, Bondye pa m nan, li voye yon anj li pale avè m.


Yon anj Bondye di Filip konsa: “Leve! Ale nan direksyon sid, sou wout ki sot Jerizalèm pou desann Gaza a. Wout sa a travèse yon zòn ki dezè nèt.”


跟着我们:

广告


广告