Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 12:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Sanzatann konsa, yon anj Bondye parèt, epi gwo limyè klere kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt li, li souke l pou l reveye, epi anj lan di l: “Leve vit!” Chenn ki te mare men Pyè yo tonbe.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Yon zanj Bondye rete konsa li parèt, yon limyè klere tout kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt, li souke l, li di li: — Leve vit. Chenn ki te mare men l yo tonbe.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Epi vwala yon zanj Senyè a te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!” Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.

参见章节 复制




Travay 12:7
37 交叉引用  

Touswit apre maj yo fin pati, yon anj Senyè a te parèt devan Jozèf nan yon rèv. Zanj lan di li: “Leve! Degaje w pran pitit la ak tout manman l, ale nan peyi Ejip. Ewòd gen entansyon chache ti pitit la pou touye l. Rete nan peyi Ejip jouktan mwen di w lè pou w retounen.”


Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou yo epi laglwa Senyè a, tankou yon gwo limyè, te klere tout kote yo te ye a. Bèje yo te pran tranble, tèlman yo te pè.


Medam yo potko konprann sa k pase a, la menm, de mesye abiye ak rad byen klere parèt sou yo.


Lè sa a, Kònèy di: “Sa fè kat jou, m t ap priye lakay mwen, nan menm lè sa a, twazè apremidi. Sanzatann konsa, mwen wè yon nonm ak yon rad byen klere sou li kanpe devan m.


Ewòd te dakò pran glwa a pou li, li pa t bay Bondye glwa a. Poutèt sa, yon anj Bondye te fè l tonbe malad. Vè manje l, epi l mouri.


Lavèy jou Ewòd te fè plan pou mennen Pyè devan pèp la, Pyè t ap dòmi nan mitan de sòlda, nan mitan lannuit la. Yo te mare Pyè ak de chenn epi te gen lòt sòlda toujou ki t ap veye pòt prizon an.


Zanj lan di l ankò: “Mare sentiwon w epi mete sandal ou nan pye w!” Pyè fè sa anj lan di l fè a. Apre sa, anj lan di l: “Mete manto w sou ou epi swiv mwen.”


Sanzatann konsa, yon gwo tranblemanntè pase. Li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Tout pòt prizon yo louvri, epi tout chenn prizonye yo kase.


Bondye fè l resisite. Lanmò te vle kenbe l nan tonm nan, lanmò te dwe kite l soti nan tonm nan libelibè, menm jan ak yon bebe ki rive lè l pou l soti nan vant manman l.


Yon anj Bondye vini nan mitan lannuit, li louvri pòt prizon an, li kondui apot yo soti deyò epi li di yo:


Pandan Sòl te sou wout la, li te prèske rive Damas, lè yon gwo limyè soti nan syèl la flache Sòl.


Se vre wi, limyè a montre kijan tout bagay ye. Se poutèt sa yo di: “Reveye w, ou menm k ap dòmi! Leve nan mitan moun ki mouri yo, epi Kris ap klere w.”


Èske zanj yo se pa espri ki nan sèvis Bondye yo ye? Bondye voye yo pou vin ede moun ki gen pou resevwa delivrans lan.


Apre sa, m wè yon lòt anj desann soti nan syèl la. Anj sa a te gen anpil pouvwa. Laglwa anj sa a te klere latè byen klere.


跟着我们:

广告


广告