Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 12:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Lè Ewòd wè Jwif yo te pran plezi nan sa l te fè a, li fè arete Pyè tou. Sa te pase nan epòk fèt Pen san ledven an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Lè l wè sa te fè jwif yo plezi, li fè arete Pyè tou. Se te epòk fèt Pen san ledven an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Lè l te wè ke sa te fè Jwif yo kontan, li te avanse pou l arete Pierre tou. Sa se te pandan jou Pen San Ledven yo.

参见章节 复制




Travay 12:3
18 交叉引用  

Nan premye jou fèt Pen san leven an, disip Jezi yo pwoche bò kote l, epi yo mande l: “Ki kote w vle pou nou fè preparasyon repa fèt Pak la pou ou?”


Yo te prefere lwanj moun ba yo pase lwanj Bondye.


Jezi reponn li konsa: “Ou pa t ap gen okenn otorite sou mwen, si sa pa t soti nan syèl. Se poutèt sa moun ki kenbe m mennen ba ou a, li komèt yon pi gwo peche.”


An verite, an verite, mwen di w, lè ou te jenn gason, ou te mare senti w, ou ale kote ou vle. Men lè w vin granmoun, ou ap lonje men w epi se yon lòt moun k ap mare senti w pou ou, epi yo va mennen ou kote w pa ta vle ale.


Lè l fin arete Pyè, li fè mete l nan prizon. Li mete kat eskwad; chak eskwad yo gen kat sòlda ladan yo. Sa fè sèz sòlda antou pou veye Pyè nan prizon an. Ewòd te fè plan pou mennen Pyè vin jije devan pèp la apre fèt Pak Jwif yo.


Apre sa, Pyè ansanm ak lòt onz apot yo leve kanpe. Pyè pale byen fò ak foul la, li di yo: “Nou menm Jwif parèy mwen ansanm ak tout lòt moun Jerizalèm, koute sa m ap di nou. Gen kèk bagay nou bezwen konnen. Koute byen sa m ap di nou ankò.


Apre fèt Pen san ledven an, nou pran bato nan vil Filip. Sou senk jou, nou rive jwenn mesye yo Twoas epi nou pase sèt jou la.


Men, apre dezan, Pòsiyis Festis vin gouvènè nan plas Feliks. Konsa, Feliks al kite Pòl nan prizon an pou l te ka fè Jwif yo plezi.


Festis ki te vle fè Jwif yo plezi, li mande Pòl: “Èske w ta vle al Jerizalèm pou m jije w laba a sou baz akizasyon sa yo?”


Chèf Jwif yo pa t manke sezi lè yo te wè kijan Pyè ak Jan t ap pale avèk konviksyon, sitou lè yo vin reyalize mesye sa yo se pa moun ki te gen gwo enstriksyon ni okenn fòmasyon espesyal. Amplis, yo te vin reyalize Pyè ak Jan te ansanm avèk Jezi.


Lè m pale konsa, èske nou wè m sonnen tankou moun k ap chache fè moun plezi? Non, se Bondye m ap chache fè plezi! Si m t ap chache fè moun plezi, mwen pa t ap yon sèvitè Jezikris.


Okontrè, nou te jwenn konsantman Bondye anvan menm nou kòmanse travay predikasyon an. Wi, Bondye konfye nou pou n preche Bòn Nouvèl la. Konsa, se Bondye n ap chache fè plezi lè nou preche Bòn Nouvèl la. Nou pa preche pou fè moun plezi. Bondye wè sa k ap pase nan kè nou.


跟着我们:

广告


广告