Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 12:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Lè Pyè reyalize sa k pase a, li di nan kè l: “Kounye a m sèten Senyè a voye anj li toutbon vre vin delivre m. Li delivre m ni anba men Ewòd, ni anba tout move bagay Jwif yo t ap atann rive m yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Se lè sa a Pyè vin konprann sa k te rive li a. Li di: — Kounyeya, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m anba men Ewòd. Li sove m anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”

参见章节 复制




Travay 12:11
27 交叉引用  

Jèn nonm nan reyalize li t ap aji tankou moun fou. Li di nan panse l: Tout sèvitè k ap vann papa m jounen yo gen kont manje pou yo manje jis y ap kite rès. Alòske mwen menm m ap mouri grangou isit la, m pa ka jwenn manje.


Sanzatann konsa, yon anj Bondye parèt, epi gwo limyè klere kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt li, li souke l pou l reveye, epi anj lan di l: “Leve vit!” Chenn ki te mare men Pyè yo tonbe.


Men, apre dezan, Pòsiyis Festis vin gouvènè nan plas Feliks. Konsa, Feliks al kite Pòl nan prizon an pou l te ka fè Jwif yo plezi.


Festis ki te vle fè Jwif yo plezi, li mande Pòl: “Èske w ta vle al Jerizalèm pou m jije w laba a sou baz akizasyon sa yo?”


Yon anj Bondye vini nan mitan lannuit, li louvri pòt prizon an, li kondui apot yo soti deyò epi li di yo:


Èske zanj yo se pa espri ki nan sèvis Bondye yo ye? Bondye voye yo pou vin ede moun ki gen pou resevwa delivrans lan.


Konsa, nou wè, Bondye konnen kijan pou l prezève moun ki fè lwanj pou li yo. L ap sove yo anba latwoublay yo. Epi Bondye ap kenbe mechan yo pou l ka pini yo nan jou jijman an.


跟着我们:

广告


广告