Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 11:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 “Se nan lavil Jope mwen te ye, epi pandan m t ap lapriyè, mwen fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t ap desann vin jwenn mwen. Li te tankou yon gwo dra mare nan kat pwent ki t ap glise desann sot nan syèl la. Bagay la rive toupre m.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 — Mwen te lavil Jope, mwen t'ap lapriyè, lè m fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t'ap desann vin jwenn mwen, tankou yon gwo dra mare nan kat bout, ki t'ap desann sot nan syèl la. Li rive toupre mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 “Mwen te nan vil Joppé, e mwen te nan lapriyè. Nan yon pwofon somèy mwen te fè yon vizyon; yon sèten objè ki te vin desann kon yon gwo dra ki kenbe nan kat kwen soti nan syèl la, e li te vini tou dwat devan mwen.

参见章节 复制




Travay 11:5
12 交叉引用  

Kèk tan apre, mwen te retounen Jerizalèm. Pandan m t ap priye nan tanp lan, mwen fè yon vizyon.


Te gen yon disip nan vil Damas ki te rele Ananyas. Senyè a pale ak Ananyas nan yon vizyon, li di l: “Ananyas!” Ananyas reponn: “Men mwen, Senyè.”


Te gen yon dam ki te kwè nan Jezi nan vil Jope ki te rele Tabita. Nan lang Grèk la, yo te rele l Dòkas ki vle di “Gazèl”. Li te toujou fè byen anvè tout moun epi li te konn ede pòv yo.


Disip ki Jope yo te pran nouvèl Pyè te nan lavil Lida. Lida ak Jope te toupre. Konsa, disip yo voye de mesye al kote Pyè pou al di l: “Tanpri, fè vit vini prese prese!”


Moun toupatou nan Jope te tande nouvèl sa k te pase a, kon sa anpil nan yo te mete konfyans yo nan Senyè a.


跟着我们:

广告


广告