Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 11:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Yo di l: “Ou antre lakay yon bann moun ki pa sikonsi, epi ou menm manje ansanm ak yo tou!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Yo di li konsa: — Apa ou antre kay moun ki pa sikonsi yo epi ou manje ak yo met sou li!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Yo t ap di: “Ou te ale kote moun ensikonsi yo, e te manje avèk yo.”

参见章节 复制




Travay 11:3
10 交叉引用  

Lè Farizyen yo wè sa, yo kòmanse poze disip Jezi yo kesyon: “Poukisa mèt nou an ap manje ak pèseptè kontribisyon, ak moun ki gen move repitasyon?”


Farizyen yo ansanm ak Skrib yo menm t ap plenyen kont sa, yo t ap di: “Nonm sa a resevwa moun k ap viv nan peche yo epi li manje ak yo.”


Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp pou manje nan manje fèt Pak la.


Pyè fè mesye yo antre epi l mande yo rete pase nuit lan. Nan demen maten, Pyè leve, li pati ak mesye yo. Kèk frè nan lavil Jope pati avè l tou.


Pyè di yo: “Nou konnen li kont lalwa pou yon Jwif ni asosye l ak moun ki pa Jwif ni antre lakay yo. Men, Bondye fè m konprann mwen pa gen dwa gade pèsonn kòm moun ki enpi osinon kòm moun ki pa nan kondisyon pou l sèvi Bondye.


Voye kèk moun nan lavil Jope al chache Simon yo rele Pyè a. Li fè ladesant lakay yon lòt Simon, yon bòs tanè ki gen kay li bò lanmè a.


Epi Pyè bay lòd batize yo nan non Jezikris. Apre sa, yo mande Pyè pou l rete pase kèk jou avèk yo.


Mwen te sitou vle di nou pa ka gen relasyon ak moun ki di se kwayan nan Kris yo ye epi k ap viv nan peche. Wi, mwen t ap pale de kwayan nan Kris ki gen gwo lanvi, kwayan k ap adore zidòl, k ap pale moun mal, ki bwasonyè, oswa k ap vòlè. Pa chita sou menm tab ak moun konsa.


Men sa k te pase: Anvan kèk moun ki soti kote Jak nan legliz Jerizalèm nan te rive nan Antyòch, Pyè te toujou konn manje ak moun ki pa Juif yo nan legliz Antyòch la. Men, lè Juif ki soti bò kote Jak yo rive, li demake tèt li, li fè kòmsi li pa t konn manje ak moun ki pa Juif yo, li sispann manje ak yo. Li te fè sa poutèt li te pè Juif yo ta nan gwoup ki te di moun ki pa Juif yo dwe sikonsi tou.


Si yon moun vini bò kote w san kòmandman sa a, pa resevwa l lakay ou epi pa gen kominyon avè l.


跟着我们:

广告


广告