Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 11:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Lè kwayan Jwif yo tande pawòl sa yo, yo sispann kritike Pyè epi yo fè lwanj pou Bondye. Yo di: Kidonk Bondye pèmèt menm moun ki pa sikonsi yo repanti pou yo ka gen lavi li bay la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Lè yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l, yo pran fè lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”

参见章节 复制




Travay 11:18
33 交叉引用  

Moun ki te la yo te pè anpil, men yo glorifye non Bondye tou paske li bay yon nonm kalite pouvwa sa a.


Apot yo ansanm ak kwayan nan Jide yo te pran nouvèl jan moun ki pa Jwif yo te aksepte Bòn Nouvèl Bondye a.


Lè yo rive Antyòch, Pòl ak Banabas rasanble tout legliz la. Yo rakonte legliz la tout sa Bondye te pèmèt yo fè. Yo di yo: “Bondye louvri yon pòt pou moun lòt nasyon yo kapab kwè tou.”


Legliz la te ede yo prepare pou vwayaj la. Lè yo derape, yo pase Fenisi epi yo pase Samari. Nan tout kote sa yo, yo fè moun yo konnen kijan moun ki pa Jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout kwayan yo te kontan anpil lè yo tande nouvèl sa yo.


M te toujou egzòte tout moun, Jwif tankou Grèk, pou yo chanje jan y ap viv la epi pou yo tounen vin jwenn Bondye. M te toujou mande yo pou yo mete konfyans yo nan Jezi, Senyè nou an.


Apre lidè yo fin tande Pòl, yo bay Bondye glwa. Apre sa, yo di Pòl konsa: “Frè nou, ou wè ki kantite Jwif ki vin kwè nan Kris la kòm sovè; epoutan, yo tout trè zele pou lalwa Moyiz la toujou.


Kidonk, nou dwe chanje lide nou parapò ak jan nou t ap mennen bak nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka padone peche nou yo.


Se kon sa Bondye voye Jezi, sèvitè l la. Li voye l ban nou an premye, pou l beni nou epi pou l fè nou kite move fason nou t ap viv la.”


Se li menm Bondye fè monte nan syèl la vin chita sou bò dwat li. Li fè l tounen chèf nou ak sovè nou. Bondye fè sa pou l ka ofri pèp Izrayèl la yon okazyon pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l ka resevwa padon pou peche l yo.


“Ki sa pou nou konprann nan sa? Èske Bondye deklare moun ki pa Jwif yo jis menm si yo pa t ap fè efò pou sa?” Wi. Yo benefisye jistis Bondye ki soti nan fidelite Jezikris.


Nou pa gen vwal sou vizaj nou. N ap kontanple glwa Senyè a ki reflete sou nou tankou nan yon miwa, epi n ap transfòme pou nou vin reflete imaj li. Transfòmasyon sa a pote plis glwa toujou, paske li soti nan Senyè a ki se Sentespri a.


Tristès ki fè Bondye plezi pote chanjman nan kè. Se kalite tristès sa a ki pèmèt moun sove. Donk, nou pa bezwen gen regrè pou kalite tristès sa a. Men, kalite tristès lemonn bay la, se lanmò li gen pou rezilta.


Akòz mwen menm, kwayan sa yo te tonbe fè lwanj pou Bondye.


跟着我们:

广告


广告