Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 11:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Apot yo ansanm ak kwayan nan Jide yo te pran nouvèl jan moun ki pa Jwif yo te aksepte Bòn Nouvèl Bondye a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Apòt yo ansanm ak frè yo ki te nan Jide te tande ki jan moun ki pa jwif yo te resevwa pawòl Bondye a tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, apòt yo ak frè fidèl yo ki te nan tout Judée te tande ke pèp etranje yo osi te resevwa pawòl Bondye a.

参见章节 复制




Travay 11:1
34 交叉引用  

Jezi te fèt nan yon ti vil yo rele Bètleyèm, nan rejyon Jide, sou reny wa Ewòd. Apre sa, kèk maj ki sòti an Oryan te vini Jerizalèm.


M ap di nou yon bagay ki pi enpòtan toujou: “Gen moun k ap soti toupatou nan lès ak nan lwès pou vin chita manje ak Abraram, Izaak epi Jakòb nan wayòm syèl la.


Lè yo antre nan kavo a, yo wè yon jèn gason toudeblan chita sou bò dwat la. Medam yo te sezi anpil.


Li se yon limyè k ap klere pou montre chemen w lan devan nasyon moun ki pa Jwif yo. Se li menm tou k ap fè lonè Izrayèl, pèp ou a.”


Yon jou, tout frè yo te rasanble. Te gen anviwon san ven (120) moun kon sa ki te la. Pyè kanpe nan mitan foul la, li di:


Konsa, kwayan nan legliz Antyòch yo te deside chak moun t ap bay sa yo kapab pou ede frè ak sè nan Kris yo ki t ap viv nan rejyon Jide a.


Lè yo rive Antyòch, Pòl ak Banabas rasanble tout legliz la. Yo rakonte legliz la tout sa Bondye te pèmèt yo fè. Yo di yo: “Bondye louvri yon pòt pou moun lòt nasyon yo kapab kwè tou.”


Legliz la te ede yo prepare pou vwayaj la. Lè yo derape, yo pase Fenisi epi yo pase Samari. Nan tout kote sa yo, yo fè moun yo konnen kijan moun ki pa Jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout kwayan yo te kontan anpil lè yo tande nouvèl sa yo.


Frè ak sè yo nan lavil Wòm te tande pale de nou epi yo te soti pou vin rankontre nou nan yon mache ki nan zòn Apiyis ak Twa Otèl. Lè Pòl te wè kretyen sa yo, li remèsye Bondye epi li te santi l ankouraje.


跟着我们:

广告


广告