Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 10:34 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

34 Pyè pran lapawòl, li di: “Kounye a mwen wè toutbon vre, Bondye pa gade pèsonn pou pi bon pase lòt moun.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

34 Pyè pran lapawòl, li di: — Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre: Bondye pa gade sou figi moun.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn,

参见章节 复制




Travay 10:34
23 交叉引用  

Farizyen yo voye bò kote Jezi kèk disip pa yo ansanm ak kèk patizan wa Ewòd. Yo di li: “Mèt, nou konnen ou toujou met verite a kote l ye. W ap montre moun chemen Bondye. Sa ou gen pou di a, se li w ap di. Ou pa gade moun sou laparans.


Epi Jezi te kòmanse anseye pèp la. Li di yo:


Espyon yo poze Jezi yon kesyon. Yo di: “Mèt, nou konnen tout sa ou ap anseye yo se verite a. Ou pa gade sou figi moun; men, ou toujou anseye verite Bondye a kòm sa dwa.


Menm kote a, mwen voye chache w. Li byen bon ou vini. Kounye a, men nou tout la devan Bondye. Nou pare pou n koute tout sa Senyè a pase w lòd di nou.”


Pa gen okenn diferans ant nou menm ak moun ki pa Jwif yo devan Bondye, paske li pirifye kè yo lè yo mete konfyans yo nan Kris.


Konsa, Filip louvri bouch pou anseye l. Filip kòmanse ak menm pasaj Enik lan t ap li a, li eksplike l Bòn Nouvèl konsènan Jezikris la.


Bondye jije chak moun menm jan, paske Bondye pa nan patipri.


Oubyen, èske Bondye se Bondye Jwif yo sèlman? Èske n panse Bondye pa Bondye pèp ki pa Jwif yo tou? Wi, li se Bondye pèp ki pa Jwif yo tou.


Mesye yo te rekonèt kòm gwo lidè yo, yo pa t chanje mesaj mwen an. (Vrèmanvre, kèlkeswa sa yo ye a, sa pa t fè okenn diferans, paske Bondye pa gade sou figi moun). Wi, gwo lidè yo pa t ajoute anyen nan mesaj mwen t ap preche a.


Nou menm mèt yo, menm jan an tou, se pou nou trete esklav nou yo byen. Piga nou fè yo menas ak pawòl nan bouch nou. Pa bliye, ni nou menm ni esklav yo, nou tout gen yon sèl mèt, Senyè a ki nan syèl la, epi li pa nan paspouki ak pèsonn.


Poutèt n ap mennen yon lavi tounèf nan Kris, kit nou se moun lòt nasyon, kit nou se Jwif, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi se pa sa ki enpòtan. Li pa enpòtan nonplis pou n ta pale lang etranj si nou se moun peyi Sit. Kit nou se esklav kit nou se moun lib, se pa sa ki enpòtan. Sa ki enpòtan an se Kris ki nan lavi nou tout.


Pa bliye, nenpòt moun ki fè sa ki mal, l ap jwenn pinisyon nan men Bondye pou sa l fè a. Jijman Senyè a pa fèt nan moun pa.


Frè m ak sè m yo, si nou kwè nan Jezikris, Senyè nou an, nou pa dwe aji avèk patipri nan mitan moun yo.


Lè w aji konsa, èske w pa fè patipri? Èske w pa fè yon jijman avèk yon kè mechan?


Men, si ou aji ak patipri, ou peche. Lalwa Bondye a kondane w, paske w dezobeyi l.


N ap priye Bondye epi nou rele l papa, men l ap jije chak moun menm jan, dapre sa yo fè. Konsa, pandan nou se vizitè sou tè sa a, se pou n viv avèk krentif pou Bondye.


跟着我们:

广告


广告