Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 10:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Kònèy te relijye anpil. Li menm ak tout moun lakay li te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil byen pou pèp Jwif la. Kònèy te konn priye Bondye detanzantan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Kònèy te yon nonm ki t'ap sèvi Bondye jwif yo. Li menm ak tout fanmi l, yo te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil pou pòv yo pami pèp jwif la. Epi se tout tan li t'ap lapriyè Bondye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te yon mesye fidèl ki te gen lakrent Bondye avèk tout lakay li, ki te bay anpil charite a pèp Jwif la, e li te priye Bondye kontinyèlman.

参见章节 复制




Travay 10:2
51 交叉引用  

Sèvitè ki te resevwa de sak lajan an fè benefis de lòt sak.


Jezi di disip li yo pou yo toujou priye epi pou yo pa janm pèdi espwa. Li rakonte yo parabòl sa a.


Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon.


Mesye yo di Pyè konsa: “Se Kònèy, yon ofisye women, ki voye nou. Kònèy se yon bon moun ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp Jwif la respekte li. Se yon anj Bondye ki te di l pou l envite w lakay li pou l kapab tande sa ou menm ou gen pou di l.”


Li di m: Kònèy, Bondye tande priyè w. Li wè tout byen ou fè pou pòv yo tou. Li sonje w ak tout sa w fè.


Li aksepte tout moun ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat, nan kèlkeswa nasyon yo soti.


Kònèy gade anj lan fiks epi nan perèz li, li di anj lan: “Ki sa w vle, mèt?” Zanj lan reponn li: “Bondye tande priyè w yo epi li wè tout byen ou te fè pou pòv yo. Li sonje w ansanm ak tout byen ou te fè yo.


Lè anj lan fin pale kon sa ak Kònèy, li ale. Kònèy menm rele de nan sèvitè l yo ansanm ak yon sòlda ki se youn nan gad di kò l yo. Sòlda sa a, se te yon relijye tou.


Pawòl Simon va di w yo ap ede w sove ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.


Pòl leve kanpe, li fè yon jès ak men l pou atire atansyon moun yo epi li di: “Nou menm pèp Izrayèl ak nou menm ki pa jwif, men k ap sèvi Bondye tou, fè yon ti koute m tanpri.


Frè m yo, nou menm pitit pitit Abraram, nou menm tou ki pa jwif, men ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye fè nou konnen li vin delivre nou.


Men, Jwif yo menm te monte tèt yon ekip gwo medam lavil la ki te konvèti nan relijyon yo a, ansanm ak lidè yo pou soulve yo kont Pòl ak Banabas. Yo tout te tonbe pèsekite Pòl ak Banabas epi yo chase yo mete deyò nan vil la.


Poutan, Krispis ki te chèf Sinagòg la, li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezikris. Anpil lòt moun nan Korent ki t ap tande Pòl te kwè tou epi yo te resevwa batèm.


Nan moman sa a, te gen anpil Jwif ki gen krentif pou Bondye ki te prezan nan Jerizalèm. Yo te soti nan tout kalite peyi sou latè.


Yon nonm yo te rele Ananyas te vin kote m. Ananyas sa a, se te yon moun ki te konsakre l bay Bondye epi li t ap swiv lalwa Moyiz la san fot. Sa te fè tout Jwif ki te rete nan zòn nan te bay bon temwanyaj pou li.


Kèk moun ki te renmen Bondye te antere Etyèn epi yo te kriye anpil pou li.


Senyè a di Ananyas: “Leve, ale nan ri yo rele Ri dwat la, al chache kay Jida. Lakay Jida a, ou ap jwenn yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. Mesye sa a ap priye pandan m ap pale avè w la.


Lè sa a, legliz la te gen lapè, ni nan Jide, ni nan Galile, ni nan Samari. Kwayan yo te devlope nan lafwa yo gras ak konkou Sentespri a, yo te montre yo gen krentif pou Bondye nan jan y ap viv. De jou an jou legliz la t ap vin gen plis moun toujou.


Te gen yon dam ki te kwè nan Jezi nan vil Jope ki te rele Tabita. Nan lang Grèk la, yo te rele l Dòkas ki vle di “Gazèl”. Li te toujou fè byen anvè tout moun epi li te konn ede pòv yo.


Pa janm bliye priye pou tout bagay epi se pou n toujou di Bondye mèsi.


Pa janm sispann lapriyè.


Si yon moun pami nou ta renmen genyen sajès, li dwe mande Bondye l, epi Bondye ap bali l. Lè Bondye bay, li bay an kantite, san l pa fè moun nan repwòch.


Tout moun dwe gen krentif pou ou, o Senyè. Tout pèp va fè lwanj pou non ou. Se ou sèl ki sen. Tout pèp va vin devan w, koube pou adore w, paske jijman ou fè yo dwat.”


跟着我们:

广告


广告