Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 1:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Men lè Sentespri a va vini sou nou, l ap ban nou puisans. Lè sa a, n a rann temwanyaj de mwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide a, nan Samari rive jouk nan dènye bout latè.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men Nou va resevwa pouvwa lè Lespri Sen an vini sou nou. Nou va temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”

参见章节 复制




Travay 1:8
34 交叉引用  

Yo pral pataje Bòn Nouvèl wayòm nan toupatou sou latè tankou yon temwen pou Payen yo. Lè nouvèl la fin gaye nan tout nasyon, se lè sa a lafendimond lan va rive.


Ale fè disip nan tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.


Li di yo: “Ale tout kote nan lemonn antye preche tout moun Bòn Nouvèl la.


Zanj lan reponn li: “Sentespri a pral vini sou ou, epi pouvwa Bondye ki pi wo nan syèl la pral kouvri w. Se poutèt sa, pitit ou pral fè a ap sen. Y ap rele l Pitit Bondye.


Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan, lènmi nou an, anba pye nou. Anyen p ap ka rive nou.


Men, mesye yo soupriye li pou l rete ak yo. Yo di li: Rete ak nou. Solèy fin kouche, li pral fènwa. Konsa, li antre pou fè ladesant ansanm ak yo.


Nou menm tou, n ap sèvi m temwen, paske depi nan kòmansman nou te avè m.


Yon moun ki te ak nou depi lè Janbatis t ap batize moun nan, jouk rive lè Jezi te kite nou li monte nan syèl la. Fòk li se yon temwen rezireksyon Kris la tou, pou l vin met tèt ansanm avèk nou menm apot yo.


Janbatis te batize moun nan dlo, men nou menm, n ap gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a nan kèk jou ankò.


Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te soti Galile pou monte Jerizalèm avèk Jezi yo te wè li; Kounye a, se yo menm k ap temwanye rezireksyon l devan pèp la.


Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan nan lanmò. Nou tout te temwen evènman sa a.


Paske se ou k ap rann temwanyaj pou li devan tout moun. W ap gen pou w rakonte yo sa w wè ak sa w tande.


Se kon sa nou te touye Jezi, li menm ki bay lavi. Men Bondye te fè l leve soti vivan pami mò yo. Nou menm nou se temwen tout bagay sa yo.


Se avèk anpil puisans apot yo t ap fè konnen jan Senyè Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Bondye menm t ap vide benediksyon an kantite sou tout kwayan yo.


Nou menm k ap pale avèk ou la a, nou se temwen tout bagay sa yo. Sentespri a Bondye bay tout moun ki chwazi obeyi l yo, li kapab jistifye tout bagay sa yo tou.”


Bondye te beni Etyèn anpil. Bondye te ba li anpil puisans, konsa, li t ap fè anpil bèl bagay ak anpil mirak nan mitan pèp la.


Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn. Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm.


Men mwen di, “moun Izrayèl yo pa vrèman tande sa, pa vre?” Men wi, yo tande l. Ou konnen sa pòsyon Pawòl Bondye sa a di: “Yo tande vwa a gaye toupatou sou latè, mesaje yo rive tout kote nan lemonn.”


ak zèv puisans li. Soti Jerizalèm, rive nan rejyon Iliri, mwen preche Levanjil Kris la nèt.


Se sa ki gen pou rive, si nou rete nan Levanjil nou te tande a. Nou dwe rete fèm epi byen asire nan lafwa nou. Pa kite anyen vin fè n abandone espwa nou te jwenn nan, lè nou te tande Levanjil la. Se Levanjil sa a ki fin gaye toupatou sou latè epi se travay sa a menm mwen menm Pòl Bondye ban m pou m fè.


跟着我们:

广告


广告