Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 1:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Janbatis te batize moun nan dlo, men nou menm, n ap gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a nan kèk jou ankò.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Jan te batize nou avèk dlo, men nou menm, nan kèk jou ankò, nou pral batize nan Sentespri.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an pa a anpil jou de kounye a.”

参见章节 复制




Travay 1:5
16 交叉引用  

Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife.


Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.


Mwen batize nou nan dlo, men li menm l ap batize nou nan Sentespri a.”


Jan te reponn moun yo, li di yo: “Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, men gen yon lòt k ap vini apre m. Li pi fò pase m. Mwen pa bon ase pou m ta menm delase soulye l. Li menm, l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife.


Jan reponn yo: “Mwen batize moun yo nan dlo. Men gen yon moun nan mitan nou, nou pa menm konnen l,


Mwen pa t konnen ki moun li te ye. Men mwen te vin batize moun nan dlo pou pèp Izrayèl la ta konnen se li menm ki Mesi a.”


Mwen menm, mwen pa t konnen li. Men, Bondye ki voye m vin batize moun nan dlo a te di m: Moun ou va wè Sentespri Bondye a desann poze sou li a, se li menm ki va batize moun ak Sentespri Bondye a.


Kwayan Jwif ki te soti Jope ansanm ak Pyè yo te sezi wè don Sentespri a desann sou moun ki pa Jwif yo tou.


Konsa, Pòl di yo: “Jan te preche yon batèm ki te di moun pou yo montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. Li te di moun yo pou yo mete konfyans yo nan moun k ap vin apre l la, epi moun sa a se Jezi.”


Gen kèk nan nou se Jwif, gen kèk nan nou ki pa Jwif; gen kèk nan nou ki lib, gen kèk nan nou ki esklav. Men nou tout resevwa batèm Sentespri a pou nou ka vin fòme yon sèl kò. Se menm Sentespri a Bondye bay nou tout.


li te sove nou, paske li fè nou gras. Se pa paske nou te fè anyen pou sa. Li te lave peche n yo fè n vin pwòp, li ban nou nouvo lavi pa mwayen Sentespri a. Se tankou nou te fèt yon lòt fwa.


跟着我们:

广告


广告