Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 1:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Pandan Jezi t ap manje avèk apot yo, li pase yo lòd pou yo pa kite Jerizalèm, jouktan yo resevwa kado Papa a te pwomèt yo a. Jezi li menm te gentan pale yo de kado sa a, kèk tan anvan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Yon jou, pandan Jezi t'ap manje ak yo, li ba yo lòd sa a: — Pa kite Jerizalèm. Rete tann pwomès Papa a te fè nou an, sa mwen te anonse nou an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan.

参见章节 复制




Travay 1:4
14 交叉引用  

Se pa vrèman nou menm ki pral pale, se Lespri Papa nou ki nan nou ki pral pale.


Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa a ki nan syèl la ap bay Sentespri a kòm kado a tout moun ki mande li.”


Paske Sentespri Bondye a ap la nan moman an pou anseye nou sa ki nesesè pou n di.”


Mwen menm, mwen pral voye ban nou sa papa m te pwomèt la. Men nou menm, se pou n rete la nan vil Jerizalèm jouktan nou resevwa puisans k ap soti anwo nan syèl la.”


Mwen menm, m ap mande Papa a pou l ban nou yon lòt konsolatè ki va la avèk nou pou tout tant.


Lè konsolatè a va vini, moun m ap voye soti lakay Papa a, Lespri verite Papa a ap voye a, l ap rann temwanyaj pou mwen.


Lè l te fin pale konsa, li soufle sou yo epi li di yo: “Resevwa Sentespri a.”


Se te de Lespri Bondye a Jezi t ap pale. Moun ki te kwè nan Jezi ta gen pou resevwa Lespri Bondye a nan yon ti kras tan. Men nan lè sa a, yo pa t ko genyen Lespri Bondye, paske Jezi pa t ko monte pou l antre nan glwa li.


Se pa tout moun nan pèp Jwif la ki te wè li, men nou menm Bondye te chwazi pou rann temwanyaj la, nou manje ak li, nou bwè ak li apre l te fin resisite a.


Jezi monte nan syèl la. Li adwat Bondye menm. Li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la nan men Bondye Papa a. Se Sentespri sa a li vide sou nou. Sa n ap wè la a, ak sa n ap tande yo, se Sentespri sa a menm k ap manifeste.


跟着我们:

广告


广告