Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 1:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Li te parèt byen vivan devan moun li te chwazi yo apre l te fin mouri. Pandan karant (40) jou, li te ba yo anpil prèv pou montre li vivan toutbonvre epi li te di yo anpil bagay konsènan Wayòm Bondye a tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Apre li fin mouri, li parèt plizyè fwa vivan devan yo pou ba yo divès prèv li resisite. Pandan karant jou, li fè yo wè li, li koze ak yo sou wayòm Bondye a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 A sila yo osi Li te prezante tèt li vivan apre soufrans Li, e avèk anpil prèv konvenkan, Li te parèt a yo menm pandan karant jou, e te pale avèk yo de bagay ki te konsène wayòm syèl la.

参见章节 复制




Travay 1:3
27 交叉引用  

Se poutèt sa m ap di nou: y ap retire wayòm Bondye a nan men nou. Y ap remèt li bay yon lòt pèp ki montre yon konduit ki pi sanble ak wayòm Bondye a.


Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo. Li di yo: “Bonjou!” Yo pwoche bò kote l, yo kenbe pye li, epi yo adore l.


Jan t ap di moun yo: “Repanti, chanje jan n ap viv lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.”


Apre Jezi te fin pase karant jou ak karant nuit, san l pa goute anyen, li te byen grangou.


Apre li fin pale ak yo, Jezi Senyè a monte nan syèl epi li chita adwat Bondye.


Apre uit jou, disip yo te reyini ankò nan yon kay. Lè sa a, Toma te la avèk yo. Jezi vin kanpe nan mitan yo epi li di yo: “La pè avèk nou.”


Apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò bò lanmè Galile a. Men kijan sa te pase:


Se te twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te fin resisite a.


Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te soti Galile pou monte Jerizalèm avèk Jezi yo te wè li; Kounye a, se yo menm k ap temwanye rezireksyon l devan pèp la.


Pòl te ale nan Sinagòg la kote l t ap pale avèk anpil asirans. Li te kontinye fè sa pandan twa mwa. Chak okazyon li te jwenn pou l diskite ak Jwif yo, li t ap eseye konvenk yo pou yo aksepte mesaj li t ap anonse yo konsènan wayòm Bondye a.


Pòl chwazi yon jou ak Jwif yo pou yo pale, men jou sa a pi plis Jwif ankò te vini lakay Pòl. Depi maten rive jouk aswè, Pòl t ap eksplike yo epi li t ap preche yo wayòm Bondye a avèk fòs. Li pale yo de Jezi epi li t ap eseye konvenk yo. Pou sa, li te itilize Lalwa Moyiz la ak pwofèt yo pou l te ankouraje yo kwè nan Jezi, men yo pa t kwè.


Li t ap preche wayòm Bondye a epi li t ap prezante Jezikris avèk anpil asirans ak tout libète.


Men, Filip te pwofite preche Bòn Nouvèl wayòm Bondye a epi li t ap rakonte yo bagay ki konsène Jezikris, la devan pèp la. Gason tankou fi te kwè mesaj Filip te preche a epi yo te resevwa batèm.


Wayòm Bondye a, se pa yon zafè manje ak bwè. Sa ki enpòtan se sa ki jis, se lapè, se lajwa ki soti nan Sentespri a.


Bondye rache nou soti anba puisans fènwa a, li mete nou nan wayòm Pitit li renmen anpil la.


Nou te toujou ankouraje ou, epi konsole ou. Nou toujou egzòte ou pou mennen lavi ou yon fason ki pa fè Bondye wont. Sonje Bondye chwazi nou pou nou fè pati wayòm li an, epi pataje onè li.


Nou vle pale w de Pawòl ki bay lavi a, sila a ki te la okòmansman an. Se li menm nou te tande epi nou te wè ak pwòp je nou. Nou te wè kijan l te aji, epi men nou te touche l.


跟着我们:

广告


广告