Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Tit 3:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Bondye vide Sentespri a sou nou avèk abondans pa mwayen Jezikris, Sovè nou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an.

参见章节 复制




Tit 3:6
19 交叉引用  

Wi, Pawòl la te tèlman plen ak lanmou epi ak verite a pou nou, nou tout resevwa benediksyon nan men li youn apre lòt.


Poutan sa m di nou an se vre, li plis nan enterè nou si m ale. Paske si m pa ale, Konsolatè a p ap vini jwenn nou. Men, si m ale, m ap voye L pou nou.


Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.”


Dènye jou fèt la te rive. Se jou pi ki enpòtan an. Nan Jou sa a, Jezi kanpe epi li di byen fò: “Nenpòt moun ki swaf kapab vini jwenn mwen, epi nenpòt moun ki kwè nan mwen va bwè!


Kwayan Jwif ki te soti Jope ansanm ak Pyè yo te sezi wè don Sentespri a desann sou moun ki pa Jwif yo tou.


Jezi monte nan syèl la. Li adwat Bondye menm. Li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la nan men Bondye Papa a. Se Sentespri sa a li vide sou nou. Sa n ap wè la a, ak sa n ap tande yo, se Sentespri sa a menm k ap manifeste.


Ou ta dwe konprann Bondye bon epi li pasyan avèk ou anpil, l ap tann ki lè pou w chanje. Poutan, ou pa menm reflechi sou kijan pasyans li anpil. Epi ou pa rann ou kont si Bondye bon kon sa anvè w, se pouse l ap pouse w pou w deside chanje lavi w.


Epi espwa sa a p ap janm twonpe nou. Nou konnen sa, paske Bondye ranpli kè nou ak renmen pa mwayen Sentespri li ban nou an.


Paske Sentespri ki bay lavi a delivre w anba lalwa ki pote peche ak lanmò a, pa mwayen Jezikris.


Se mwen menm ki gen mwens enpòtans pami tout pèp Bondye a. Epoutan, se mwen menm li bay don sa a, don pou m fè moun ki pa Jwif yo konnen Bòn Nouvèl konsènan tout richès ki genyen nan Kris la.


Se pou nou toujou moun ki senp nan jan nou viv, moun ki dou epi ki gen pasyans. Ak lanmou, sipòte lè nou youn pa menm jan ak lòt.


Kòmande moun ki rich nan mond sa a, pou yo pa ògeye. Yo pa dwe mete konfyans yo nan richès ki p ap dire. Men se pou yo mete konfyans yo nan Bondye. Se li menm ki ban nou tout bagay avèk abondans pou nou kapab pwofite yo.


Mwen ekri w lèt sa a, Tit. Ou se tankou yon pitit toutbon vre pou mwen, paske nou toulede dakò sou sa nou kwè. M ap priye pou Bondye Papa a ansanm ak Jezikris Sovè nou an, pou yo fè w gras epi ba w lapè!


跟着我们:

广告


广告