Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Tit 3:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Nou menm tou, nan tan pase yo, nou te aji kon moun fou. Nou te rebèl, egare, esklav yon bann bagay nou ta renmen genyen pou n jwi. Nou t ap viv nan fè sa ki mal poutèt jalouzi ak lanvi. Tout moun te rayi nou epi nou te rayi tout moun tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pat obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.

参见章节 复制




Tit 3:3
37 交叉引用  

Li reponn papa a: Non, mwen p ap kapab jodi a. Men vè pita, li chanje lide epi l ale nan jaden an.


Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. Paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Mesi a. Lè a fin rive. Piga nou koute bouch yo pou n al swiv yo.


Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, tout moun k ap pratike peche se esklav peche yo ye.


Nan tan pase yo, ou te refize obeyi Bondye. Men kounye a, Bondye fè w gras, paske Jwif yo pa t obeyi Bondye.


Kò sa a, kote n ap viv la, se yon kò ki pral mouri. Pa kite peche kontwole l pou fè n fè sa peche vle.


Nan tan pase, nou te esklav peche, peche te pran kontwòl lavi nou. Men, grenmesi Bondye, nou te obeyi tout ansèyman nou te resevwa yo.


Men kounye a, nou delivre anba peche. Nou vin tounen esklav Bondye. Epi aksyon nou yo se bagay moun k ap viv pou Bondye sèlman. Rezilta sa pote se lavi etènèl.


Nou konnen ansyen moun nan te mouri nan nou menm sou lakwa avèk Kris. Se kon sa lavi esklav nou te genyen an te detwi nèt, poutèt pou n pa esklav peche ankò.


Mwen pè pou lè m vini, pou m pa ta jwenn nou jan m ta vle a, epi pou nou pa ta jwenn mwen jan nou ta vle a. Mwen pè pou lè m vini, pou m ta jwenn kont agoch adwat, jalouzi, kòlè, lanbisyon, pale mal, tripotay, awogans ak dezòd.


Paske, si yon moun panse l se yon zafè epi li pa anyen, se twonpe l ap twonpe tèt li.


Lontan, nou te lwen Bondye, nou te lènmi Bondye poutèt sa nou te konn panse ak sa nou fè ki mal yo.


Nou menm tou, nou te konn fè kalite bagay sa yo anvan, lè nou t ap viv nan lemonn.


Men mechan yo k ap fè bagay pou twonpe moun yo, yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo. Y ap mache twonpe moun epi lòt moun menm ap twonpe yo tou.


Gen kèk nan yo ki pran abitid mache lakay moun. Yo pran yon seri medam ki fèb nan pyèj yo. Medam sa yo te gentan chaje peche deja epi lafwa yo pa t solid. Medam sa yo se moun tout kalite lanvi ap mennen.


Yo di yo konnen Bondye. Men, jan y ap viv nan fè sa ki mal, sa montre se pa vre. Se jan de moun sa yo Bondye rayi. Yo refize obeyi Bondye. Yo pa itil pou fè anyen ki byen.


Gras Bondye aprann nou pou nou pa viv nan opozisyon kont Bondye epi pou nou refize viv dapre dezi nou genyen pou n ta swiv move bagay ki nan mond lan. Se pou nou panse byen sou jan n ap viv nan mond lan jodi a, pou nou fè sa ki dwat epi pou nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye.


Ou kapab santi w ap sèvi Bondye byen. Men si w pa gen kontwòl lang ou, w ap twonpe tèt ou. Adorasyon w lan san valè.


Obeyi Bondye. Piga nou swiv move dezi nou te gen lontan yo, lè nou pa t gen bon konprann nan.


Yo te voye gwo dragon an jete deyò soti nan syèl la. Dragon sa a, se li menm ki sèpan ansyen an, yo rele l dyab ak satan. Se li k ap twonpe tout mond lan. Yo ranvèse l sou latè ansanm ak anj li yo.


Se kon sa dezyèm bèt la te twonpe tout moun k ap viv sou latè. Li te jwen pouvwa sa a nan men premye bèt ki te soti nan lanmè a. Li kòmande pou tout moun sou latè fè yon estati bèt ki te soti nan lanmè a, bèt ki te blese ak kout lans lan epi ki vivan toujou a.


Anj lan t ap rele byen fò: “Li kraze! Gwo lavil Babilòn nan kraze! Li vin tounen kay tout demon yo. Lavil la vin tounen yon kote tout move lespri yo rete. Se yon kote tout kalite zwazo ki pa pwòp yo rete. Se yon kote tout vye bèt ki pa pwòp ak bèt moun rayi rete.


跟着我们:

广告


广告