Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Tit 3:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Moun pa nou yo dwe aprann gen anpil zèl nan fè sa ki byen pou ede moun ki gen bezwen ki paka tann. Konsa, y ap mennen yon lavi ki gen yon bon enfliyans nan kominote a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Se pou moun nou yo aprann fè sa ki byen tou, pou yo bay lè gen ka nesesite. Yo pa fèt pou y'ap viv konsa san yo pa bay anyen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Moun pa nou yo dwe osi aprann angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke bay fwi.

参见章节 复制




Tit 3:14
21 交叉引用  

Li wè yon pye fig bò wout la. Lè l al gade wè si l ta jwenn yon fig, se fèy sèlman li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig la: “Ou p ap janm pote fwi ankò!” Menm lè a pye fig la te tounen bwa sèk.


Depi yon pyebwa pa donnen bon fwi y ap koupe l, epi lage l nan dife.


Malgre sa, se pa nou ki te chwazi m, men se mwen menm ki chwazi nou, epi mwen tabli nou pou nou al pote fwi epi pou fwi nou yo kapab dire lontan. Konsa, tout sa nou va mande Papa a nan non m, li va ba nou l.


Lè nou donnen anpil, se kon sa nou montre nou se disip mwen. Alò moun va wè glwa Papa m.


Kòm Prisil ak Akilas se tant yo te konn fè, menm jan ak Pòl, Pòl tou rete ansanm avèk yo epi li travay ansanm avèk yo.


M te toujou aprann nou pou n travay menm jan avè m epi pou ede moun ki nan bezwen. M te aprann nou pou n toujou sonje pawòl Senyè Jezi te di a: Gen plis benediksyon nan bay pase nan resevwa.”


Se pou n pran swen moun Bondye yo ki nan bezwen. Se pou n toujou pare pou n resevwa moun ki rive lakay nou.


M ap ale Jerizalèm pou m ka sèten pòv yo resevwa lajan yo te bay pou yo a. Lè m fin fè sa, m ap pati pou m al an Espay epi m ap rete nan chemen pou m pase vizite nou.


Moun ki gen abitid vòlè dwe sispann vòlè. Okontrè, se pou l travay di ak men l, pou l ka gen resous pou l pataje ak lòt moun ki nan bezwen.


M ap priye pou lavi nou ranpli ak bon zèv tou pou sa ka sèvi yon sous glwa ak lwanj pou Bondye gras a Jezikris.


Plizyè fwa nou voye anpil bagay pou ede mwen, lè m te lavil Tesalonik.


Se pa kado ak lajan m ap chache non. Okontrè, m ap chache wè si nou menm, lafwa nou ta fè pi plis benefisye toujou devan Bondye.


Sa pral ede nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè l plezi nèt ale. Se pou lavi nou donnen tout kalite bòn zèv epi se pou nou grandi nan konesans Bondye.


Frè m ak sè m yo, m pa kwè nou bliye jan nou te travay di lajounen kon lannwit pou sipòte tèt nou. Nou pa t vle pou nou tounen yon fado pou okenn nan nou pandan nou t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.


Nou pa t janm aksepte manje manje moun san nou pa peye pou li? Nou travay di lajounen kou lannuit pou nou pa tounen yon fado pou pyès moun.


Sa vle di, se pou w anseye yon fason ki dwat epi byen klè, pou moun pa jwenn chans kritike ansèyman w. Konsa, tout moun ki kont nou yo va wont, paske yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou.


Pawòl sa yo se verite a. Mwen vle w kategorik sou yo, poutèt pou moun ki chita lafwa yo nan Bondye fè tout efò yo pou yo fè anpil pwogrè nan fè sa ki byen. Se kalite lavi kon sa ki bon epi itil pou tout moun.


Lè n gen bagay sa yo nan lavi nou, lè y ap ogmante detanzantan, nou p ap janm tonbe nan pwen pou n ta vin pa itil Bondye ankò. N ap pote fwi ki soti nan konesans Jezikris, Senyè nou an.


跟着我们:

广告


广告