Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Tit 3:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman, wete kò w kote moun k ap simen divizyon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Si yon moun vle mete divizyon, pale avè l yon premye fwa, yon dezyèm fwa. Si li pa koute ou, pa okipe li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon.

参见章节 复制




Tit 3:10
12 交叉引用  

M ap ankouraje nou, frè m ak sè m yo, fè atansyon ak moun k ap pwovoke divizyon epi k ap fè moun tonbe nan peche, sa pa mache ak ansèyman nou te resevwa deja. Retire kò nou kote moun sa yo.


poutèt fason nou panse a, nou kwè divizyon bon paske l ap montre ki moun ki kwayan toutbon vre.


Dezyèm fwa mwen te lakay nou an, mwen te gen tan avèti moun ki te peche yo. Menm lè mwen pa prezan pami nou, mwen ta vle avèti tout moun ki nan peche depi lontan oubyen kounye a yo: lè m vini, mwen p ap menaje nou.


Moun sa yo k ap twouble nou an, m ta swete pou tout ti pati yo ta tou koupe nèt, pandan y ap sikonsi a?


sèvi zidòl, fè maji, rayi moun, pouse kont, jalouzi, fè kòlè, anbisyon, pwovoke divizyon, patipri.


Si gen yon moun pami nou ki pa vle fè sa nou di yo nan lèt sa a, fè dosye pou li epi koupe relasyon ak li pou l ka vin wont.


Frè m ak sè m yo, nan non Senyè Jezikris, nou di ou kareman, pran distans ou ak tout moun ki kwè nan Kris epi ki pa vle travay. Moun ki pa vle travay pa swiv ansèyman nou te ba yo a.


Y ap fè kòmsi se Bondye y ap adore, men anreyalite, y ap refize puisans ki pou ede yo adore Bondye epi fè l plezi vrèman. Moun konsa, retire kò w sou yo!


Nan tan pase, te gen fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a. Se menm bagay la ki pral rive nou. Nou pral genyen kèk fo doktè nan gwoup nou yo. Yo pral ansenye bagay ki fo, yon bann bagay k ap mennen moun sou chemen destriksyon. Epi fò n entèlijan pou n rive wè sa y ap di a pa bon nan jan yo ansenye a. Yo menm ap rive pa swiv Senyè a ki te sove yo. Epi se kon sa y ap detwi pwòp tèt yo.


Si yon moun vini bò kote w san kòmandman sa a, pa resevwa l lakay ou epi pa gen kominyon avè l.


跟着我们:

广告


广告