Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Tit 2:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Se kon sa pou w pale, ankouraje epi reprann moun yo ak tout otorite w. Pa kite pèsòn meprize w!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Se bagay sa yo pou ou moutre moun yo. Otorite yo ba ou a se pou ankouraje sa ki bezwen ankouraje, pou rale zòrèy sa ki bezwen gen zòrèy yo rale. Pa bay pèsonn okazyon meprize ou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Pale, egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.

参见章节 复制




Tit 2:15
10 交叉引用  

Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite.


Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye. Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite.


Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.”


Tout moun yo te etone. Yo te pran pale youn ak lòt, yo t ap di: Sa k ap pase kon sa a? Ak otorite ak puisans Jezi, pase move lespri yo lòd epi yo sòti.


Mwen pa vle tande okenn moun ta refize ede l. Okontrè ba li tout mwayen ki nesesè pou l ka tounen vin jwenn mwen anpè. M ap tann li ansanm ak lòt frè yo.


Lidè ki komèt yon move bagay, se pou w reprann li devan tout kongregasyon an. Sa va fè lòt yo gen krentif.


Se pou w preche Levanjil epi toujou ensiste, menm si moman an pa favorab. Di moun yo sa yo dwe fè, ekzòte yo, ankouraje yo avèk anpil pasyans, se pou w toujou chache anseye tout moun.


Sa l di a, se vre. Moun konsa, di yo seryezman yo bezwen chanje. Yon ekzòtasyon byen serye pral ede yo gen yon ki lafwa dwat.


Moun ki gen don pou l pale se pou l pale pawòl Bondye yo. Si nou gen don pou n sèvi, nou ta dwe sèvi ak fòs Bondye bay la. Konsa se Bondye k ap resevwa lwanj nan tout bagay grenmesi Jezikris. Tout pouvwa ak tout glwa se pou li pou tout tan gen tan.


跟着我们:

广告


广告