Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Rit 4:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Mwen deside fè ou konnen sa devan tout moun ak tout lidè ki chita la yo pou si ou vle achte l. Si ou ap pran l, fè sa. Si ou p ap fè l, di m sa pou m ka konnen paske se ou ki premye moun ki gen dwa sa a; se apre w mwen vini. Mesye a te reponn wi m ap achte l.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Mwen kwè se devwa mwen pou m'fè ou konnen sa. Si ou vle achte tè a, ou mèt di sa devan dis mesye chèf ki chita la yo. Paske se ou menm anpremye lalwa rekonnèt dwa sa a. Konsa tou si ou pa vle, ou mèt di sa. Paske, apre ou, se mwen menm ki gen dwa sa a. Nonm lan di li: — M'ap achte li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Konsa, mwen te vle fè ou konnen, epi di: “Achte li devan sila ki chita yo ak devan ansyen pèp mwen yo. Si ou va peye ranson li, peye ranson li; men si ou p ap fè sa, fè m konnen; paske nanpwen pèsòn ke ou menm pou peye ranson li, e se mwen aprè ou.” Konsa li te di: “Mwen va peye ranson li.”

参见章节 复制




Rit 4:4
12 交叉引用  

Si yon moun fè w mal, pa chache remèt li sa l fè w la. Se pou n fè sa tout moun kwè ki bon.


Nou vle gen bon repitasyon devan Bondye ak devan lèzòm.


Pou fin i, frè m ak sè m yo, bagay ki pou nan lespri nou se bagay ki bon, ki vrè, ki jis, ki sen, ki bèl, bagay moun respekte, ki pwòp epi bagay moun ka fè lwanj pou yo.


Nawomi di: “Se pou SENYÈ a beni Bowaz! SENYÈ a bon epi fidèl anvè nou menm ki vivan epi menm ak lòt yo ki deja mouri.” Apre sa, Nawomi di Rit: “Nonm sa a se yon fanmi pwòch nou li ye wi. Li se youn nan moun ki gen dwa pwoteksyon sou fanmi an.”


Sa ou di a se vre, mwen se pwotektè fanmi an. Men gen yon lòt manm fanmi lan ki pi pwòch Elimelèk pase m.


Bowaz mande, “Ki moun ou ye?” Rit reponn, “se mwen menm Rit, sèvant ou. Ou gen dwa proteksyon sou fanmi nou. Voye dra w sou mwen, kouvri m non.”


跟着我们:

广告


广告