Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Rit 2:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Nawomi di: “Se pou SENYÈ a beni Bowaz! SENYÈ a bon epi fidèl anvè nou menm ki vivan epi menm ak lòt yo ki deja mouri.” Apre sa, Nawomi di Rit: “Nonm sa a se yon fanmi pwòch nou li ye wi. Li se youn nan moun ki gen dwa pwoteksyon sou fanmi an.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Nawomi di bèlfi li: — Benediksyon Senyè a pou Bòz! Wi, Senyè a ap toujou kenbe pawòl li, nou te mèt vivan, nou te mèt mouri! Nawomi di ankò: — Nonm sa a, se yon fanmi pre nou li ye. Se yonn nan moun ki reskonsab defann enterè fanmi an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Naomi te di bèlfi li: “Ke li menm kapab beni pa SENYÈ a ki pa t retire mizerikòd li sou vivan yo ak sou mò yo.” Ankò, Naomi te di a li: “Nonm nan se fanmi nou, li se youn nan fanmi pwòch nou yo.”

参见章节 复制




Rit 2:20
15 交叉引用  

Mwen senti m kontan anpil nan Senyè a, paske nou te montre kijan nou renmen m yon lòt fwa ankò. Nou te toujou renmen m, men nou pa t gen mwayen pou nou montre sa.


Lè sa a, Rit, Mowabit la, di ankò: “Bowaz te di m tou, mwen te mèt kontinye travay bò kote lòt moun k ap travay pou li yo jiskaske rekòt la fin i.”


Sa ou di a se vre, mwen se pwotektè fanmi an. Men gen yon lòt manm fanmi lan ki pi pwòch Elimelèk pase m.


Medam yo nan vil la te di Nawomi konsa: “Beni non SENYÈ a pou pitit gason sa a li ba ou a. Se pou tout moun nan peyi Izrayèl tande pale de li.


Mwen deside fè ou konnen sa devan tout moun ak tout lidè ki chita la yo pou si ou vle achte l. Si ou ap pran l, fè sa. Si ou p ap fè l, di m sa pou m ka konnen paske se ou ki premye moun ki gen dwa sa a; se apre w mwen vini. Mesye a te reponn wi m ap achte l.”


Lè sa a, nonm ki te fanmi pwòch Elimelèk la di Bowaz: “M p ap pran l ankò, m pa vle kreye pwoblèm pou byen pa m yo. M ba ou dwa pa m nan, ou mèt achte tè a.”


跟着我们:

广告


广告