Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Rit 2:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Bowaz reponn Rit konsa: “Kite m di ou, yo banm tout detay kòman ou ede bèlmè w depi lè mari w te mouri. Mwen aprann kòman ou kite papa w ak manman w, ak pwòp peyi w, pou ou ka vini ak Nawomi nan yon peyi ou pa t menm konnen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Bòz reponn li: — Yo di mwen tou sa ou fè pou bèlmè ou depi mari ou mouri a. Mwen konnen ou kite manman ou, papa ou ak peyi kote ou moun, epi ou vin viv nan mitan yon lòt pèp ou pa te janm konnen anvan sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Boaz te reponn li: “Tout sa ke ou te fè pou bèlmè ou apre lanmò mari ou te deklare nèt a mwen menm; jan ou te kite papa ou avèk manman ou, peyi nesans ou e te vini a yon pèp ke ou pa t menm konnen oparavan.

参见章节 复制




Rit 2:11
15 交叉引用  

Konsa tou, nenpòt nan nou la a ki pa dakò abandone byen l yo, li pa kapab disip mwen.”


Yo rale bato a atè sou rivaj la, yo kite tout bagay, epi yo swiv Jezi.


Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”


Men Nawomi di: “Pitit fi m yo, retounen ale kote nou te soti non! Poukisa pou n ta vini avèk mwen? M pa ka fè lòt pitit gason ankò pou marye avèk nou.


Lè Bowaz fin pale, Rit mete ajenou, li bese tèt li byen ba epi li di Bowaz: “Poukisa ou pran ka m kon sa a, malgre ou konnen mwen se yon etranje?”


Se pou Bondye rekonpanse w pou tout sa ou fè yo! Se pou SENYÈ a, Bondye Izrayèl la ou chwazi kòm pwoteksyon w lan, ba ou yon rekonpans total pou tout bon bagay sa yo ou te fè.”


Bowaz di l: “Se pou SENYÈ a beni w pitit fi m! Nan fason sa a, ou kontinye montre plis fidelite toujou pou fanmi Nawomi. Ou te gendwa chache yon jèn gason pou marye avè w, menm si l te rich oubyen l te pòv, men ou pa fè sa.


Pitit gason sa a gen pou l ankouraje w epi l ap pran swen w lè w vin granmoun nèt. Li se pitit gason bèlfi w la te fè pou ou a. Rit renmen w anpil. Epi li fè plis pou ou pase sa menm sèt pitit gason ta ka fè.”


跟着我们:

广告


广告