Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Rit 2:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Lè Bowaz fin pale, Rit mete ajenou, li bese tèt li byen ba epi li di Bowaz: “Poukisa ou pran ka m kon sa a, malgre ou konnen mwen se yon etranje?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Rit bese tèt li jouk atè devan Bòz. Li di l konsa: — Poukisa w'ap bay kò ou tout traka sa a pou mwen? Poukisa w'ap fè tout bagay sa a pou yon moun ki pa menm ras avè ou?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Alò, li te tonbe sou figi li e te bese ba atè. Li te di l: “Poukisa mwen jwenn favè nan zye w konsa, pou ou ta wè m, paske se yon etranje ke mwen ye?”

参见章节 复制




Rit 2:10
19 交叉引用  

Wayòm nan se pou nou, paske lè m te grangou nou te bann manje. Lè m te swaf, nou te bann bwè. Lè m te etranje nan lari, nou te resevwa m lakay nou.


Ki sa m ye menm, pou manman Senyè m nan vin lakay mwen?


Malgre mwen pa gen enpòtans, Senyè a manifeste favè li anvè mwen, pòv sèvant li a. Depi kounye a pou jouktan sa fin i, tout moun ap sonje kijan Bondye beni m anpil.


Se pou nou youn renmen lòt paske nou se manm yon menm fanmi. Se pou nou toujou premye nan chache onore youn lòt.


Bowaz reponn Rit konsa: “Kite m di ou, yo banm tout detay kòman ou ede bèlmè w depi lè mari w te mouri. Mwen aprann kòman ou kite papa w ak manman w, ak pwòp peyi w, pou ou ka vini ak Nawomi nan yon peyi ou pa t menm konnen.


Rit reponn: “Ou vrèman pran ka m wi mesye! Ou se yon bon moun. Pawòl ou yo konsole m. Ou ankouraje sèvant ou, malgre mwen pa youn nan medam ka p travay pou ou yo.”


Nawomi mande l: “Ki kote ou jwenn tout lòj sa a? Nan ki jaden ou te travay? Se pou SENYÈ a beni moun sa a ki trete w byen kon sa a!” Lè sa a, Rit di bèlmè l nan jaden ki moun li te travay. Li di: “Se nan jaden yon mesye yo rele Bowaz mwen te travay.”


Yon jou, Rit, fi Mowab la, di Nawomi kon sa: “Kite m ale nan youn nan jaden kote y ap ranmase rekòt yo. Si yo ban m yon ti chans, m a mache dèyè moun k ap travay yo epi m a ranmase grenn yo kite dèyè yo.” Nawomi reponn: “Dakò, pitit fi mwen. Ou mèt ale.”


Gade byen pou wè ki kote mesye yo ap travay epi mache pye pou pye dèyè medam yo k ap ranmase yo. Mwen pase mesye yo lòd pou yo pa anouye w. Lè ou swaf dlo, al bwè dlo nan basen kote moun k ap travay avè m yo tire dlo mete a.”


跟着我们:

广告


广告