Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 9:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Yo mennen bay Jezi yon nonm paralize ki kouche sou yon branka. Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: — Pran kouray, pitit mwen, peche ou yo padonnen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”

参见章节 复制




Matye 9:2
32 交叉引用  

Lè Jezi wè sa, li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen!”


Tout peyi Siri te tande pale de Jezi. Konsa, moun yo te mennen bay Jezi tout moun ki t ap soufri ak tout kalite maladi. Genyen se demon ki te sou yo, gen lòt ki te soufri ak malkadi, te gen kèk ki paralize. Jezi te geri tout.


Padone peche nou yo menm jan nou menm nou padone moun ki fè nou mal.


Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te admire lafwa ofisye a. Li di moun ki t ap swiv li yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.”


Nan aswè, yo mennen bay Jezi yon pakèt moun ki te gen demon sou yo. Jezi pase move lespri yo lòd epi l chase yo. Li geri tout malad yo te mennen ba li yo.


Jezi vire tèt li, li wè dam nan epi li di: “Pran kouray pitit fi m, se lafwa w ki delivre w.” Nan menm lè a, emoraji a koupe.


Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache?


Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”


Nan aswè, apre solèy te fin kouche, moun nan Kapènawòm mennen yon pakèt moun malad ak moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi.


Jezi kanpe epi li di: “Rele l.” Yo rele avèg la epi yo di l: “Pran kouraj! Leve, Jezi ap rele w.”


Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze. Ou libere de tout maladi w yo.”


Yo tout te wè li, epi laperèz te anvayi yo. La menm, li pale avèk yo epi li di: “Pran kouraj, se mwen. Pa pè.


Mwen di nou sa pou n ka gen kè poze nan mwen menm. Nan mond sa n ap pase anpil tray. Men pran kouray, mwen gen laviktwa sou lemonn.”


Li pa t bezwen pèsonn di l kijan lòm ye. Li menm li te konnen sa ki nan lòm.


Li di yo: “Mesye m yo, nou pa gen anyen ki ka manje?” Yo reponn li: “Non.”


Nonm nan te chita ap tande Pòl k ap preche. Pòl fikse je l sou li, epi l wè nonm nan te kwè Bondye ta ka geri l.


Gen moun ki pran mouchwa osinon moso twal ki te touche kò Pòl, y al mete yo sou moun malad. Malad yo te geri epi sa k te gen move lespri menm, move lespri yo te soti sou yo.


Nan lannuit jou sa a, Pòl wè Jezi Senyè a ki parèt devan l epi li di l: “Pran kouray! Paske menm jan ou rann temwanyaj pou mwen isit Jerizalèm, se kon sa ou gen pou rann temwanyaj pou mwen tou, nan lavil Wòm.”


Se pa sèlman “yon jou n ap sove”, men depi kounye a nou santi nou rejwi poutèt sa Bondye gentan fè pou nou pa mwayen Jezikris, Senyè nou an. Se Jezi ki fè nou kapab vin zanmi Bondye kounye a.


Men gen moun k ap bay agiman yo, “Gen moun ki gen lafwa, epi lòt yo gen bòn zèv.” Repons mwen se ta pou m di yo, ou pa kapab montre m lafwa san ou pa fè anyen. Men mwen menm m ap montre w lafwa pa mwayen bòn zèv mwen fè.


跟着我们:

广告


广告