Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 8:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Apre sa, Jezi di nonm nan: “Pa di pèsonn sa k pase a. Men, al fè sakrifikatè a egzamine w, epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va konnen ou geri.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Apre sa, Jezi di l: — Piga ou di pèsonn sa. Men, ale fè prèt yo wè ki jan ou ye. Apre sa, w'a ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa, w'a bay tout moun prèv ou geri.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Jésus te di li: “Gade pou ou pa di pèsòn sa, men ale prezante ou devan prèt la, epi bay yo ofrann lan ke Moïse te mande a kon yon temwayaj a yo menm.”

参见章节 复制




Matye 8:4
31 交叉引用  

Nou gen pou n al jije devan wa ak gouvènè poutèt nou se disip mwen. Temwanye pou mwen devan yo ak devan payen yo.


Apre sa, Jezi di disip li yo pou yo pa di moun se li menm ki Kris la.


Pandan y ap desann mòn nan, Jezi di yo: “Pa di pèsòn sa nou te wè sou tèt mòn nan. Tann jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.”


Lè sa a, Jezi reponn li: “Kite tout bagay fèt kon sa pou kounye a. Nou dwe fè tout sa ki dwat pou akonpli plan Bondye.” Apre sa, Jan te vin dakò pou l batize Jezi.


Pa mete nan tèt nou mwen vini pou m detwi lalwa Moyiz la, oubyen sa pwofèt yo te ekri. Mwen pa vini pou m detwi yo. Okontrè mwen vini pou fè moun konprann yo pi byen.


Fè atansyon, lè w ap fè sa ki byen, pou ou pa tonbe nan fè wè. Ou p ap jwenn okenn rekonpans nan men Papa ou ki nan syèl la si ou tonbe nan fè wè.


La menm, mesye yo te wè. Apre sa, Jezi pale avèk yo byen sevè, li di yo: “Pa kite okenn moun konnen sa ki rive a.”


Nou menm, fòk nou pran prekosyon. Y ap livre nou bay chèf yo, y ap bat nou nan sinagòg yo. Nou va konparèt devan wa ak gouvènè yo poutèt mwen. Sa va sèvi yo temwanyaj.


Jezi pale avèk yo byen sevè pou yo pa di ki moun Jezi ye.


Jezi te ba yo lòd sevè pou pèsonn pa t rive konnen sa k te pase. Apre sa, li di yo pou yo bay ti fi a manje.


Si yon vil pa vle resevwa nou oubyen pa vle tande sa n ap di, vire do ba li, souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.”


Jezi di pèp la pou yo pa di moun sa k te rive a. Men plis li di yo pa di anyen, se pi plis moun yo pale sa ki te rive a.


Jezi di disip li yo pou yo pa di okenn moun kilès li ye.


Pandan Jezi ak disip yo t ap desann mòn nan, li di yo pou yo pa di pèsonn moun sa yo sot wè a jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.


Lè Jezi wè sa, li di yo: “Al fè sakrifikatè yo egzamine nou.” Pandan yo te nan wout prale, yo te geri.


Men, bagay sa yo ap ban nou okazyon pou nou pale de mwen.


Te gen anpil denmon tou ki t ap soti sou anpil moun. Yo t ap kriye byen fò, yo t ap di: “Se pitit Bondye ou ye.” Men Jezi te reprimande yo. Li pa t ba yo pèmisyon pou yo pale, paske yo te konnen se Kris la li ye.


Jezi pase mesye a lòd pou l pa di pèsonn moun anyen. Li di l: “Ale fè prèt la wè ou. Ofri sakrifis pou pirifikasyon ou, jan lalwa Moyiz la mande a. Sa ap pèmèt tout moun wè ou geri vre.”


Manman ak papa tifi a te sezi anpil. Jezi pase yo lòd pou yo pa di pèsonn kisa k te pase.


Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsonn moun sa.


Mwen pa bezwen moun fè lwanj pou mwen.


Nenpòt moun k ap anseye pwòp panse pa l, l ap chache glwa pou pwòp tèt li. Men yon moun k ap chache glwa pou moun ki voye li, yo kapab kwè l. Yon moun ki aji kon sa p ap nan manti.


Mwen menm, se pa glwa m ap chache pou tèt mwen. Gen yon moun k ap chache l (pou mwen) epi k ap jije.


跟着我们:

广告


广告