Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 8:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Yon nonm ki t ap soufri ak maladi lèp te pwoche kote Jezi. Li lage kò l nan pye Jezi epi l di: “Mèt, si ou vle ou ka geri m!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Lè sa a, yon nonm ki te gen lalèp pwoche bò kote l, li tonbe ajenou devan Jezi, li di l konsa: — Mèt, si ou vle, ou kapab geri mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Epi yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.

参见章节 复制




Matye 8:2
37 交叉引用  

Geri malad yo. Resisite moun mouri. Geri moun ki gen lèp yo. Chase demon. Nou resevwa gratis, bay moun gratis.


Poutèt moun yo te enkredil, Jezi pa t fè anpil mirak nan Nazarèt.


Lè sa a, disip Jezi yo te kòmanse adore l. Yo t ap di: “Nou wè vrèman vre, ou se pitit Bondye.”


Lè sa a, dam nan pwoche pi pre Jezi, li lage kò l atè nan pye li, epi l di: “Tanpri Senyè, ede m!”


Lè sa a, sèvitè a lage kò l ajenou devan mèt la, epi li di: Tanpri, pran pasyans avè m, m ap peye dèt la.


Maj yo antre anndan kay la, yo wè pitit la ak manman li, Mari. Yo mete ajenou epi yo adore li. Apre sa, yo louvri valiz yo epi yo fè pitit la kado: lò, lansan, ak lami.


Apre sa, manman pitit Zebede yo ak de pitit gason l yo, pwoche bò kote Jezi. Li mete l ajenou devan Jezi pou mande l yon favè.


Pandan Jezi te Betani lakay Simon, mesye ki te gen maladi lèp la,


Lè yo wè li, yo adore l, menmsi kèk ladan yo te gen dout.


Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo. Li di yo: “Bonjou!” Yo pwoche bò kote l, yo kenbe pye li, epi yo adore l.


Li di Jezi: “Si ou met ajenou nan pye m, epi ou adore m, tout bagay sa yo pou ou.”


Jezi desann mòn nan, epi yon gwo foul moun t ap swiv li.


Disip li yo te pwoche bò kote l, epi yo reveye l. Yo di li: “Mèt, sove nou n ap peri!”


Jezi pa t ko menm fin pale lè yon lidè nan sinagòg la vin kote l. Li mete ajenou nan pye Jezi, epi l di: “Pitit fi m nan fèk mouri! Men si ou vin poze men w sou li, l ap resisite.”


Nan tan pwofèt Elize tou, te gen anpil moun nan Izrayèl ki te gen maladi lalèp. Menm youn ladan yo pa t jwenn gerizon nan men li. Se sèl Naaman, moun peyi Siri a, ki te jwenn gerizon.”


Nonm nan di: “Senyè, mwen kwè.” Epi li mete ajenou devan Jezi, li adore l.


Men, Pyè reponn: “Non Mèt, mwen pa janm manje manje ki pa pwòp osinon ki pa kalite manje mwen gen dwa manje.”


Parèt Pyè parèt nan pòt la, Kònèy al rankontre l. Li jete kò l ajenou nan pye Pyè pou l adore l.


Bagay ki kache nan fon kè yo ap vin parèt aklè. Lè sa y ap mete ajenou, y ap bese tèt yo epi y ap adore Bondye. Lè sa a yo va di: “Vrèman vre, prezans Bondye pami nou.”


Lè sa a, m tonbe ajenou nan pye zanj lan pou m adore l. Men li di m konsa: “Pa adore m. M se yon sèvitè menm jan avè w. M se menm ak frè avèk sè w yo k ap temwanye pou Jezi. Se Bondye pou w adore. Paske temwanyaj pou Jezi se lespri pwofesi a.”


跟着我们:

广告


广告