Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 8:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Poutan gen anpil lòt ki ta dwe fè pati wayòm nan, y ap jete yo deyò nan tenèb fènwa, kote ki pral genyen anpil dlo nan je ak manje dan.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Men, moun ki ta dwe antre nan peyi wa a, y'ap voye yo jete deyò nan fènwa. Se la va gen rèl. Se la va gen manje dan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 men fis yo a wayòm lan ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.”

参见章节 复制




Matye 8:12
19 交叉引用  

Jaden an reprezante lemonn antye. Bon grenn nan, se moun ki fè pati wayòm Bondye a. Zèb la se tout moun Satan yo.


Apre sa anj yo ap voye moun sa yo nan flanm dife kote ki gen kriye ak manje dan.


Y ap voye mechan yo nan yon gwo flanm dife kote ki pral gen kriye ak manje dan.”


Se poutèt sa m ap di nou: y ap retire wayòm Bondye a nan men nou. Y ap remèt li bay yon lòt pèp ki montre yon konduit ki pi sanble ak wayòm Bondye a.


Lè sa a l ap resevwa yon pinisyon ki sevè. Mèt la ap voye l menm kote ak ipokrit yo, kote ki pral gen kriye ak manje dan.


Pran voryen an, voye l deyò nan fènwa a kote ki pral gen rèl ak manje dan.


Lè n a wè Abraram, Izaak, Jakòb ansanm ak tout pwofèt yo nan Wayòm Bondye a epi nou menm yo voye nou jete deyò, kote ki pral genyen anpil dlo nan je ak manje dan.


Mesaj sa yo Bondye te fè pwofèt li yo anonse, se pou nou menm moun Izrayèl yo ye, epi tou nou gen pòsyon pa nou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Men sa Bondye te di Abraram: Akoz pitit ou yo, tout fanmi sou latè va jwenn benediksyon.


Yo se moun pèp Izrayèl, pitit Bondye adopte. Bondye ba yo laglwa li ak tout Alyans Bondye fè ant li menm ak yo menm. Bondye ba yo Lalwa Moyiz la, li ba yo Tanp lan pou adore li epi li ba yo pwomès li yo.


Fo pwofèt sa yo, se tankou sous ki pa gen dlo. Yo tankou nyaj gwo van ap pouse. Gen yon plas ki rezève pou yo kote ki fènwa anpil la.


Paske, menm zanj nan syèl la ki te peche, Bondye pa t kite yo ale san l pa t pini yo, li voye yo nan lanfè etènèl. Li mete yo nan prizon fènwa pou tann jou jijman yo.


Y ap repann vye aksyon sal yo yon fason tout moun ap gade, menm jan lanm lanmè k ap jete vye fatra sou plaj yo. Yo se menm jan ak zetwal ki pa konnen ki kote pou yo ale. Bondye rezève pou yo yon plas nan kote ki pi fenwa a.


Yo va rete deyò, bann chen yo, moun k ap fè sòsye yo, moun ki imoral yo, asasen yo, moun k ap adore zidòl yo, ansanm ak tout moun ki pran plezi yo nan bay manti.


跟着我们:

广告


广告