Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 7:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Mande, epi Bondye ap ban nou. Chache, epi n ap jwenn. Frape, epi Bondye ap louvri pou nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 — Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri.

参见章节 复制




Matye 7:7
43 交叉引用  

M ap di nou sa ankò, si de nan nou sou latè met tèt nou ansanm pou nou priye pou yon bagay, Papa m ki nan syèl la ap ban nou l.


Tout sa nou mande nan lapriyè nou fè avèk lafwa, nou va resevwa l.”


Konsa, wayòm Bondye a ak jan l mande pou nou viv dwe gen premye plas nan kè nou. Bondye ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi.


Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun ki mande l bon bagay.


Paske moun k ap mande ap resevwa. Moun k ap chache ap jwenn. Moun k ap frape y a louvri pou li.


Se poutèt sa m ap di nou, kèlkeswa sa nou mande nan lapriyè, kwè nou gen tan jwenn li, epi n ap jwenn li.


Lè mèt kay la gentan leve fèmen pòt li, si ou vin kanpe dèyè pòt la ap frape, li p ap ouvè pou ou. Ou mèt te di: Mèt, mèt, louvri pou nou, l ap reponn nou: Mwen pa konnen nou. M pa konn kote nou soti.


Jezi di disip li yo pou yo toujou priye epi pou yo pa janm pèdi espwa. Li rakonte yo parabòl sa a.


Malgre sa, se pa nou ki te chwazi m, men se mwen menm ki chwazi nou, epi mwen tabli nou pou nou al pote fwi epi pou fwi nou yo kapab dire lontan. Konsa, tout sa nou va mande Papa a nan non m, li va ba nou l.


Si nou rete atache nan mwen, epi nou pratike ansèyman mwen yo, nou mèt mande sa nou vle, nou va jwenn li.


Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.”


Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl.


Pa gen yon moun ki konprann, pa gen yon moun ki vle swiv Bondye.


Li enposib pou nou fè Bondye plezi san lafwa. Se sa k fè nenpòt moun ki vle vin jwenn Bondye, li dwe kwè Bondye egziste epi Bondye rekonpanse moun k ap chache l ak tout kè yo.


Si priyè sa a fèt avèk lafwa, malad la ap sove. Senyè a ap geri malad la. Epi si l te fè yon peche, Bondye ap padone l.


Kèlkeswa sa nou ta mande Bondye, l ap ban nou l paske nou obeyi kòmandman li yo epi n ap fè sa ki fè l plezi.


跟着我们:

广告


广告