Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 7:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Sa ou sèvi pou jije lòt moun se avè l Bondye ap sèvi pou jije w. Jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou.

参见章节 复制




Matye 7:2
19 交叉引用  

Si nou padone lòt moun ki fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou.


Alò Jezi di yo: “Chache konprann byen sa ou tande a. Jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou. Epi y ap mete pi plis pou ou.”


Se pou nou bay, kon sa Bondye ap ban nou tou. N a resevwa anpil. Dyakout nou ap tèlman byen ranpli, l ap fè tiyon, epi l ap ranvèse. Paske jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou.”


Sonje: moun ki simen tikras ap rekòlte tikras; moun ki simen anpil ap rekòlte anpil.


Paske lè jou jijman an va rive, p ap gen pitye pou moun ki pa gen pitye pou lòt moun yo. Men moun ki jwenn mezerikòd Bondye, li pa pè jou jijman an.


Trete lavil sa a menm jan l te trete lòt yo. Remèt li de fwa lavalè sa l te fè. Mete nan gode pou li yon diven ki de fwa pi fò pase diven li te bay lòt yo.


跟着我们:

广告


广告