Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 5:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Benediksyon pou moun ki gen konpasyon pou lòt moun, Bondye ap gen konpasyon pou yo tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Beni se sila yo ki bay mizerikòd; yo va resevwa mizerikòd.

参见章节 复制




Matye 5:7
37 交叉引用  

Lè nou ap priye, si nou gen yon bagay nan kè nou kont yon moun, padone l, kon sa Papa nou ki nan syèl la ap padone peche nou yo.”


Men, se pou nou renmen lènmi nou yo, epi fè byen pou yo. Prete moun san nou pa met espwa y ap renmèt nou sa nou prete yo a. Konsa, rekonpans nou va gran. N a pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Paske li menm li bon anvè ni moun ki san rekonesans yo, ni mechan yo.


Nan tan pase yo, ou te refize obeyi Bondye. Men kounye a, Bondye fè w gras, paske Jwif yo pa t obeyi Bondye.


Kounye konsènan ka moun ki pa marye yo, mwen pa resevwa okenn lòd espesyal nan men Senyè a. Men mwen vle bay yon opinyon nou ka fè konfyans. Bondye fè m gras nan sans sa a.


Bondye, nan bonte l, konfye nou travay sa a pou nou fè. Se poutèt sa, nou p ap abandone l.


Okontrè se pou nou bon youn anvè lòt, pou nou gen konpasyon youn pou lòt. Se pou nou padone youn lòt, menm jan Bondye padone nou nan Kris.


Bondye chwazi nou pou l fè nou tounen yon pèp ki apa pou li. Li renmen nou. Poutèt sa, men kijan lavi nou dwe ye: Nou dwe abiye nou ak konpasyon pou pwochen nou. Nou dwe gen jantiyès ak moun, nou dwe gen imilite, nou dwe aji byen youn ak lòt ak pasyans.


Poutan, anvan sa, mwen te fè l anpil mal, mwen te pèsekite moun pa l yo, mwen te yon nonm ògeye epi vyolan. Men Bondye fè m gras, mwen t ap aji nan inyorans, se te anvan m te kwè nan Jezi.


Men, Jezi fè m gras, li sèvi ak mwen pou montre kijan l gen pasyans. Li fè m tounen yon egzanp pou moun ki dwe kwè nan li, pou yo kapab genyen lavi etènèl.


Kounye a nou ka pwoche bò twòn Bondye ak konfyans kote nou ka jwenn gras Bondye agogo pa mwayen Jezikris ki se granprèt nou. N ap jwenn gras ak konpasyon bò twòn Bondye pou ede nou nan moman nou pi bezwen yo.


Bondye pa enjis, li p ap bliye tout travay nou fè pou li. L ap sonje ki kalite lanmou nou te montre nou genyen pou li nan jan nou te ede lòt kretyen ak nan jan n ap kontinye ede yo.


Paske lè jou jijman an va rive, p ap gen pitye pou moun ki pa gen pitye pou lòt moun yo. Men moun ki jwenn mezerikòd Bondye, li pa pè jou jijman an.


Men, sajès ki soti nan syèl la, li soti nan yon kè ki pwòp. Epi l ap pote lapè ak dousè. L ap chache ini moun. Li plen ak bonte. Li fè anpil bon bagay. Li pa nan patipri, li pa ipokrit.


Nan tan lontan, nou pa t pèp Bondye, men kounye a, nou se pèp Bondye. Nan tan lontan, Bondye pa t gen konpasyon pou nou, men kounye a Bondye gen konpasyon pou nou.


跟着我们:

广告


广告