Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 4:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Apre sa, dyab la mennen Jezi sou tèt yon mòn ki wo anpil, epi li montre l tout wayòm sou latè ak tout bèl bagay ki ladan yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l tout peyi ki sou latè ansanm ak tout richès yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Ankò dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo.

参见章节 复制




Matye 4:8
13 交叉引用  

Festen an te dire 180 jou. Wa Asyeris te pran tout tan an pou l fè wè tout pakèt richès li genyen nan wayòm nan ak tout lòt bèl bagay ki te anba kontwòl li, ki te fè laglwa li.


Lè sa a, Aman te kòmanse fè dyòlè pou anpil richès ak anpil pitit gason li genyen. Li rakonte yo tout jès wa a fè pou li onore l. Li di yo wa a ba li gwo pwomosyon paske li mete l chèf sou tout lòt lidè ak ofisye l yo.


Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye, si l ap pèdi pwòp lavi l? Kisa yon moun ka bay an echanj pou lavi li.


Apre sa, dyab la mennen Jezi nan Jerizalèm, Lavil Sent lan, epi li mete l sou youn nan pwent ki pi wo nan tèt tanp lan.


Papa a renmen Pitit la, Li montre Li tout sa l ap fè. Epi Papa a gen pou montre Pitit la bagay ki pi gwo toujou. Alò nou va sezi.


Bib la di: “Moun se tankou zèb yo ye, tout chèlbè y ap fè a, se tankou flè nan jaden. Yo seche epi yo tonbe.


Setyèm zanj lan sonnen twonpèt la. Yon bann gwo vwa soti nan syèl la. Yo t ap di: “Kounye a, wayòm mond lan se pou Senyè nou an ansanm ak Mesi li a, l ap renye sou li pou tout tan gen tan.”


跟着我们:

广告


广告