Matye 3:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil4 Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak plim po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl. 参见章节1998 Haïtienne4 Jan te abiye ak rad plim chamo. Li te mare ren li ak yon sentiwon kwi. Li te manje krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen4 Alò, Jean li menm te gen yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj. 参见章节 |
Li pral mache kòm avangad devan Senyè a, pou l prepare kè yo pou resevwa Senyè a. L ap gen menm lespri ak pwofèt Eli. L ap ede paran yo fè lapè ak pitit yo. L ap ede moun ki dezobeyisan yo mennen yon vi konfòm ak volonte Bondye poutèt jan yo panse. L ap fè tout bagay sa yo pou l ka prepare kè moun yo pou yo rankontre Senyè a.