Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 3:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Jan t ap di moun yo: “Repanti, chanje jan n ap viv lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Li t'ap di: — Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.”

参见章节 复制




Matye 3:2
61 交叉引用  

Ale di yo: Wayòm syèl la pa lwen.


Apre sa, Jezi te kòmanse repwoche moun lavil kote li te fè plis mirak yo. Lavi yo pa t montre okenn chanjman pozitif.


Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.


Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm syèl, men yo menm yo pa jwenn opòtinite sa a.


Jezi bay foul la yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki simen bon semans nan jaden li.


Jezi bay foul la yon lòt parabòl. Li di yo: “Wayòm syèl la se tankou yon grenn moutad yon plantè simen nan jaden l.


Li ba yo yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la, se tankou ledven yon fi pran li melanje l ak yon gwo mamit farin pou l fè pen. Ledven an fè tout pat la leve.”


Wayòm syèl la se tankou yon senn yo jete nan lak la ki pran tout kalite pwason.


Li di yo ankò: “Pwofesè lalwa ki vin kwè nan mesaj wayòm syèl la se tankou yon mèt kay ki fouye nan depo li pou l chache non sèlman bagay ansyen men bagay nouvo tou.”


Se sak fè m ap di nou wayòm Bondye a se tankou yon wa ki deside pou l rantre tout kòb li te gen deyò.


Wayòm Bondye a se tankou yon gwo kiltivatè ki soti byen bonè nan maten pou l al chache travayè pou travay nan jaden rezen l.


Li di yo: “Wayòm Bondye a se tankou yon wa ki prepare yon gwo resepsyon maryaj pou pitit gason l.


Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou mete barikad sou wout ki mennen nan wayòm syèl la. Nou pa prale! Epi nou fè sa kapab pou anpeche lòt moun antre.


Nan jou sa a, wayòm Bondye a ap tankou dis demwazèldonè ki te dwe al rankontre mesye marye a ak lanp yo pou yo ka klere chemen pwosesyon an pou li.


Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki ap pati pou yon vwayaj byen long. Li rele sèvitè li yo pou l ba yo responsab tout byen li genyen.


Depi lè sa a, Jezi te kòmanse preche mesaj li a. Li t ap di moun yo: “Chanje direksyon lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.”


Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la.


Benediksyon pou moun k ap sibi pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki dwat paske wayòm syèl la se pou yo li ye.


“Benediksyon pou moun kè yo tankou mandyan ki nan bezwen, paske wayòm syèl la se pou yo.


Vin tabli wayòm ou an. Se pou volonte w fèt sou tè a menm jan ak nan syèl la.


Konsa, wayòm Bondye a ak jan l mande pou nou viv dwe gen premye plas nan kè nou. Bondye ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi.


Li di: “Lè a rive! Pa gen tan ankò. Wayòm Bondye rive sou nou. Chanje direksyon lavi nou epi kwè nan Bòn nouvèl la.”


Janbatis ki te vin nan dezè a epi li t ap di moun yo “vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.”


Apot yo ale, yo preche pèp la pou yo repanti.


Se Jan ki pral ede anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Bondye, Senyè yo a.


Men okontrè si se pouvwa Bondye a m sèvi pou m chase demon, sa vle di wayòm Bondye deja tabli pami nou.


Non, se pa vre. M ap di nou sa: Si nou pa deside kounye a menm pou n chanje jan nou panse ak jan nou viv, nou menm tou n ap peri menm jan an.


Non, se pa paske yo te fè plis peche. M ap di nou sa: Si nou pa deside kounye a menm pou n chanje jan nou panse ak jan nou viv, nou menm tou n ap peri menm jan an.”


Konsa tou m ap di nou, gen anpil rejwisans nan pami anj Bondye yo lè yon pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye.”


M ap di nou sa, gen anpil rejwisans nan syèl la lè yon sèl pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye. Gen plis rejwisans pou yon sèl pechè sa a pase pou katrevendiznèf (99) jis yo ki pa bezwen chanje lavi yo.


Nonm rich la reponn: Non! Papa Abraram, yo p ap koute! Men, si youn nan mò yo al kote yo, y ap chanje lavi yo.


Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Wayòm Bondye a pa lwen pou l rive.


Nou te wè tout bagay sa yo rive nou ka sèvi temwen. Se pou n al di tout pèp yo pou yo chanje lavi yo epi tounen vin jwenn Bondye, kon sa y a jwenn padon pou peche yo. Se pou nou kòmanse nan Jerizalèm, pou n bay mesaj sa a nan non mwen ak tout pèp, tout nasyon.


Apre sa, Jezi leve je l li gade disip li yo epi li di: “Anpil benediksyon pou nou menm ki pòv, paske Wayòm Bondye a se pou nou li ye.


Apre sa li voye yo al preche levanjil wayòm Bondye a epi pou yo al geri malad.


Lè kwayan Jwif yo tande pawòl sa yo, yo sispann kritike Pyè epi yo fè lwanj pou Bondye. Yo di: Kidonk Bondye pèmèt menm moun ki pa sikonsi yo repanti pou yo ka gen lavi li bay la.


Nan tan lontan, moun pa t konnen kilès Bondye ye, li pa t kenbe sa kont yo. Men, kounye a, l ap fè tout moun nan lemonn konnen yo bezwen chanje epi tounen vin jwenn li.


Pyè pran lapawòl, li di yo: “Chanje kè nou ak fason n ap viv la. Chak moun dwe resevwa batèm nan non Jezikris. Konsa Bondye va padone peche nou epi li va ban nou Sentespri a kòm kado nan lavi nou.


M te toujou egzòte tout moun, Jwif tankou Grèk, pou yo chanje jan y ap viv la epi pou yo tounen vin jwenn Bondye. M te toujou mande yo pou yo mete konfyans yo nan Jezi, Senyè nou an.


Mwen kòmanse di moun yo pou yo chanje jan y a viv la, epi pou you vin jwenn Bondye. Mwen di yo pou yo viv yon fason ki montre lavi yo chanje. Premyèman, mwen pale ak moun lavil Damas. Apre sa, m ale Jerizalèm, toupatou nan Jide epi mwen pale ak tout moun sa yo. Mwen al pale ak moun ki pa Jwif yo tou.


Kidonk, nou dwe chanje lide nou parapò ak jan nou t ap mennen bak nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka padone peche nou yo.


Tristès ki fè Bondye plezi pote chanjman nan kè. Se kalite tristès sa a ki pèmèt moun sove. Donk, nou pa bezwen gen regrè pou kalite tristès sa a. Men, kalite tristès lemonn bay la, se lanmò li gen pou rezilta.


Bondye rache nou soti anba puisans fènwa a, li mete nou nan wayòm Pitit li renmen anpil la.


Ou dwe korije moun ki kont ou yo avèk dousè. Ou pa janm konnen, Bondye kapab chanje yo pou fè yo aksepte verite a.


Konsa, nan sa ki konsène Jezikris, nou ta dwe fini ak premye leson yo. Nou pa dwe kontinye ap tounen dèyè, menm kote nou te kòmanse a. Wi, nan kòmansman, nou te aprann klè pou nou vire do bay vye zak nou te konn pratike yo epi pou nou mete konfyans nou nan Bondye. Se lè sa a tou, nou te aprann kesyon batèm, poze men sou tèt moun, rezireksyon moun ki mouri, ak jijman fin al. Kounye a, se lè pou nou avanse nan ansèyman ki pi solid toujou.


Senyè a pa an reta nan akonpli pwomès li yo, jan kèk moun konprann li an reta a. Men se pasyans li genyen pou nou konsa. Li pa vle okenn moun peri, men pou tout moun rive repanti.”


Mwen te ba li tan pou l repanti l, men li refize repanti pou kite move zak li yo.


Alò, sonje kote w te ye anvan w te tonbe la a. Repanti w epi rekòmanse viv jan w te ye anvan an. Si ou pa fè sa, m ap vini epi m ap retire pye lanp ou a nan plas kote l ye a.


跟着我们:

广告


广告