Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 3:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè.”

参见章节 复制




Matye 3:10
26 交叉引用  

Li wè yon pye fig bò wout la. Lè l al gade wè si l ta jwenn yon fig, se fèy sèlman li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig la: “Ou p ap janm pote fwi ankò!” Menm lè a pye fig la te tounen bwa sèk.


Depi yon pyebwa pa donnen bon fwi y ap koupe l, epi lage l nan dife.


Paske si yo ka fè m soufri kon sa malgre m inosan, Bondye ap fè moun ki koupab yo soufri pi rèd toujou.”


Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a.”


Tout branch ki nan mwen ki pa donnen, li koupe l voye jete. Men, tout branch ki donnen, li netwaye l pou l kapab donnen pi plis toujou.


Si yon moun pa rete atache nan mwen, yo va koupe l jete deyò, menm jan ak branch rezen an, l ap seche epi y ap ranmase l mete nan dife.


Fè atansyon epi pa fè tèt di lè Bondye pale. Moun yo ki te refize koute Bondye yo pa t chape anba pinisyon an. Pou nou menm, se depi nan syèl la Bondye ap pale avèk nou. Si nou vire do ba li, bagay la ap pi mal pou nou toujou.


Men si se pikan ak move zèb l ap pwodui, li pa itil anyen. Bondye ap modi l, epi l ap mete dife ladan l.


跟着我们:

广告


广告