Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 27:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Yo mare li, yo kondui li epi yo livre l bay Pilat, gouvènè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Apre yo fin mare l, yo mennen l ale, yo renmèt li bay Pons Pilat, gouvènè peyi a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a Pilate, gouvènè peyi a.

参见章节 复制




Matye 27:2
25 交叉引用  

Apre sa, yo gen pou yo livre l bay payen yo ki gen pou yo pase l nan betiz, pou yo bat li byen bat, epi krisifye l sou yon kwa. Men li gen pou l resisite sou twazyèm jou a.”


Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, nou mèt kite sa sou kont nou. N ap konvenk li de inosans nou.”


Lè sa a, te gen kèk moun ki te la ki di Jezi sa Pilat te fè yon gwoup moun peyi Galile ki te vin adore Bondye. Pilat fè touye yo. San moun sa yo te melanje ak san bèt yo te pote pou ofri an sakrifis yo.


Konsa, lidè Jwif yo tonbe chache jwenn okazyon pou pran Jezi nan pyèj. Yo voye espyon vin pran pòz yo sensè, pou yo ka chache pran pawòl nan bouch li pou akize l. Konsa, yo ta ka lage l nan men gouvènè a ki gen pouvwa pou arete l.


Apre sa, tout foul la nèt leve epi yo mennen Jezi devan Pilat.


Ewòd ak Pilat ki te lènmi anvan sa, te rekonsilye youn ak lòt nan menm jou sa a.


Nan epòk lè Seza Tibè te gen kenz an depi l t ap renye, Pons Pilat te gouvènè nan Jide; Ewòd t ap dirije rejyon Galile; Filip, frè Ewòd la, t ap dirije Itoure ak Trakonit; Lizanyas t ap dirije Abilèn;


Ploton sòlda yo, kòmandan an ak gad tanp lan mete men sou Jezi, yo mare l byen mare.


Apre sa, Àn voye Jezi byen mare bay Kayif, Chèf prèt la.


Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp pou manje nan manje fèt Pak la.


Lavèy jou Ewòd te fè plan pou mennen Pyè devan pèp la, Pyè t ap dòmi nan mitan de sòlda, nan mitan lannuit la. Yo te mare Pyè ak de chenn epi te gen lòt sòlda toujou ki t ap veye pòt prizon an.


Lè sa a, kòmandan batayon an avanse sou Pòl, li arete l. Li bay lòd pou yo mare Pòl ak de chenn. Apre sa, li mande: “Ki lès nonm sa ye? Ki mal li fè?”


Pandan yo t ap mare Pòl pou y al bat li, li di yon ofisye ki te la: “Èske nou gendwa bat yon sitwayen Women okenn tribinal pa kondane?”


Lè sa a, sòlda ki t ap prepare pou al kesyone Pòl yo gentan deplase byen vit. Kòmandan an menm t ap tranble kou fèy bwa, lè l reyalize se yon sitwayen Women li te fè mare a.


Men, apre dezan, Pòsiyis Festis vin gouvènè nan plas Feliks. Konsa, Feliks al kite Pòl nan prizon an pou l te ka fè Jwif yo plezi.


Se poutèt sa mwen te vle wè nou epi pale avèk nou. Mwen nan chenn sa a paske mwen kwè nan esperans Izrayèl genyen.”


Se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo ki glorifye Jezi, sèvitè l la. Se menm Jezi sa a nou te lage nan men otorite yo, se li menm nou te nye devan Pilat la, malgre Pilat te dispoze lage l.


Se egzateman sa ki te rive nan vil sa a menm, lè Ewòd te reyini ansanm ak Pons Pilat ansanm ak moun lòt nasyon yo ak pèp Izrayèl la kont Jezi, sèvitè w la ou te chwazi epi ki te mache dwat devan w lan.


epi li mande l lèt otorizasyon pou l al nan sinagòg Damas yo. Li te vle pou pi gran sakrifikatè a ba l otorite pou l arete tout moun li ta jwenn nan Damas k ap swiv Kris. Nenpòt kwayan li ta jwenn nan Damas, fi tankou gason, pou l arete yo mennen Jerizalèm.


Kounye a, nan prezans Bondye, li menm ki fè tout bagay egziste, m ap ba w kòmandman sa a. M ap ba ou l tou nan prezans Jezikris ki te bay you bèl temwanyaj nan bèl deklarasyon li te fè devan Pons Pilat la. Mwen mande w:


Se poutèt Levanjil sa a, mwen anba soufrans sa yo, mwen menm rive pran prizon kòm yon malveyan. Men mesaj Bondye a pa nan prizon.


Se pou nou sonje sila yo ki nan prizon kòmsi nou te anndan prizon an ansanm avè yo. Sonje sa yo y ap fè pase mati kòmsi nou menm tou nou t ap pase mati.


跟着我们:

广告


广告