Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 26:5 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Men yo antann yo pou yo pa fè l pandan fèt Pak la paske yo pa t vle pèp la leve kont yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Yonn t'ap di lòt: — Nou pa kapab arete l pandan fèt la pou sa pa eksite pèp la fè dezòd.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Men yo t ap di: “Pa fè l pandan fèt la otreman sa kab fè yon gwo revòlt pami pèp la.”

参见章节 复制




Matye 26:5
17 交叉引用  

Ewòd te santi fòk li ta touye Janbatis! Men, li te pè reyaksyon pèp la, paske yo te toujou kwè Jan se yon pwofèt.


Men tou si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, n ap nan gwo pwoblèm ak pèp la, paske yo tout konsidere Jan kòm yon pwofèt.”


Lè sa a, Pilat wè se tan l ap pèdi. Okontrè, foul la te vin pi ajite. Li mande enpe dlo, epi li lave men l devan je tout moun. Li di: “Mwen inosan nan lanmò nonm sa a. Lanmò l sou kont nou!”


Nan premye jou fèt Pen san ledven an, lè yo te sakrifye ti mouton pou fèt Pak la, disip Jezi yo di l: “Ki kote ou ta vle nou al prepare pou ou repa fèt Pak la?”


Paske yo t ap di: “Nou pa ka arete Jezi pandan fèt la. Pèp la ka leve kont nou.”


Apre sa Jezi di disip yo: “Nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la: M ap touye bèje a epi mouton yo ap gaye toupatou.


Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, tout pèp la ap lapide nou ak kout wòch, paske yo tout kwè Janbatis te yon pwofèt Bondye.”


Jou fèt pen san ledven an vin rive. Se nan jou sa a pou, nan chak fanmi, Jwif yo te touye ti mouton yo pou fèt Delivrans lan.


Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp pou manje nan manje fèt Pak la.


Dezòd la te gaye nan tout vil la nèt. Apre yo fin mete men sou Gayis ansanm ak Aristak, ki se moun peyi Masedwàn ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la.


Enben si se pou sa, ou pa moun m te panse w ye a? M te panse se te Ejipsyen ki te lakòz soulèvman kont gouvènman an fwa pase a wi; nonm ki te mennen kat mil (4,000) bandi ame ansanm avè l nan dezè a.”


Yo te fè sa pou yo te ka akonpli sa ou menm, nan pouvwa w ak volonte w te gen tan planifye davans pou rive.


跟着我们:

广告


广告