Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 26:41 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

41 Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Veye byen e priye pou nou pa antre nan tantasyon. Lespri a byen dispoze, men chè la fèb.”

参见章节 复制




Matye 26:41
34 交叉引用  

Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki jou Senyè nou an ap vini.


Konsa, nou dwe toujou pare, paske nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè Pitit Lòm nan ap retounen.


Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.”


Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba mechan an.


Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”


Padone peche nou yo, menm jan nou menm nou padone moun ki fè nou mal. Epi pa kite nou tonbe anba tantasyon.”


Kidonk, se pou n toujou pare tout tan. Priye pou n kapab chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive epi pou nou ka kanpe devan Pitit Lòm nan.”


Lè Jezi rive sou mòn nan, li di disip yo: “Lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.”


Li di yo: “Pouki sa n ap dòmi? Leve non, lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.”


Grenn ki tonbe nan tè ki gen wòch yo, se tankou moun lè yo tande pawòl la, yo resevwa l ak anpil jwa. Men yo pa pouse rasin. Konsa, yo kwè pou yon ti bout tant, men lè eprèv frape yo, yo vire do bay Bondye.


Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a.


Pa okenn tantasyon k ap parèt devan w ki pa t gen tan parèt devan lòt moun. Epi, Bondye fidèl. Li p ap kite w tante plis pase sa w kapab sipòte. Okontrè depi tantasyon an parèt, li gen tan fè chemen pou w kapab soti ladan.


Kenbe je nou louvri! Kenbe fèm nan lafwa nou! Se pou ou aji ak kouraj! Fòtifye w!


Wi, mwen trete kò m di pou m ka kenbe l anba bon jan kontwòl. Mwen pa vle ap mache di moun jan pou yo kalifye pou pri a epi mwen menm pou m diskalifye.


Moun ki moun pa Jezikris, yo krisifye tout vye dezi kò a. Yo abandone tout vye dezi ansanm ak tout bagay moun toujou vle fè yo.


Pandan n ap fè tout bagay sa yo, pa janm sispann priye Bondye. Priye nan tout sitiyasyon jan Lespri Bondye dirije nou. Fè tout kalite priyè, epi mande tout sa nou bezwen. Pou nou rive fè sa, fòk nou toujou pare. Pa janm sispann priye pou tout pèp Bondye a.


Tout bagay prèt pou fini nan lemonn. Kidonk, fòk nou gen tèt nou an plas epi veye pou n pa fè okenn neglijans nan lapriyè.


Kontwole tèt nou epi veye. Dyab la, lènmi nou an, ap veye tankou yon lyon ki move k ap chache moun pou l manje.


Konsa, nou wè, Bondye konnen kijan pou l prezève moun ki fè lwanj pou li yo. L ap sove yo anba latwoublay yo. Epi Bondye ap kenbe mechan yo pou l ka pini yo nan jou jijman an.


“Tande sa! M ap vini sanzatann, menm jan ak yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, epi ki rete tou abiye. Yo p ap mache toutouni sou moun, pou yo pa wont lè moun wè yo toutouni.”


Paske ou pèsevere nan pawòl mwen, menm nan soufrans. Alò, m ap pwoteje w nan peryòd la twoublay k ap vini sou mond lan, yon tan eprèv pou tout moun k ap viv sou latè.


跟着我们:

广告


广告