Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 26:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Jezi ki te konnen sa yo t ap di a, mande yo: “Poukisa n ap bay dam nan panik? Se yon bon bagay li fè pou mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Jezi vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa: — Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men Jésus te konprann sa, e te di yo: “Poukisa nou ap twouble fanm nan? Li fè M yon bon bagay.

参见章节 复制




Matye 26:10
24 交叉引用  

N ap toujou gen pòv avèk nou, men nou p ap toujou genyen m avèk nou.


Pafen sa a t ap vann yon bon ti kòb ki te ka ede anpil moun pòv.”


Men Jezi di yo: “Kite fanm nan a trankil. Poukisa n ap fatige l konsa? Se yon bon bagay li fè pou mwen.


Pandan Jezi t ap pale toujou, yon moun soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, li vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.”


Bondye gen puisans pou vide sou nou tout kalite benediksyon, kon sa n a gen tout sa nou bezwen, nan tout bagay nan tout tan. N ap gen dekwa pou fè tout kalite bon zèv.


Lè m di sa a, sa pa vle di gen yon lòt levanjil vre non. Men, gen kèk moun k ap vire lòlòj nou, lè y ap eseye chanje mesaj Levanjil Kris la.


Moun sa yo k ap twouble nou an, m ta swete pou tout ti pati yo ta tou koupe nèt, pandan y ap sikonsi a?


Pou fin i, mwen mande pou pèsonn pa banm plis tèt chaje ankò. Paske mwen pote mak nan kò m, mak ki montre mwen soufri pou Jezikris.


Se Bondye ki fè nou sa nou ye a. Li fè nou vin moun nouvo nan Jezikris. Konsa, nou ka pase lavi nou ap fè bon bagay li te planifye davans pou nou fè.


Sa pral ede nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè l plezi nèt ale. Se pou lavi nou donnen tout kalite bòn zèv epi se pou nou grandi nan konesans Bondye.


se pou li ban nou kouraj, se pou l ban nou fòs pou n fè oubyen pou n di sa ki byen.


Men yon bagay ki sèten: si yon moun vle pou l yon lidè prensipal nan Legliz, se yon bèl bagay li vle fè.


Fòk tout moun konnen valè bon bagay li te fè: li te elve timoun li, li te konn byen resevwa moun lakay li, li te konn rann lòt kretyen sèvis nan fason yon sèvant konn fè sa, li te konn ede malere yo epi li te konn fè tout kalite bon bagay.


Senyè a vle itilize w pou moman espesyal yo. Poutèt sa, netwaye lavi w, retire tout sa k pa bon. Lè sa a, ou va san peche, epi Mèt la va kapab itilize w. Ou va prèt pou fèt tout sa ki byen.


Yo di yo konnen Bondye. Men, jan y ap viv nan fè sa ki mal, sa montre se pa vre. Se jan de moun sa yo Bondye rayi. Yo refize obeyi Bondye. Yo pa itil pou fè anyen ki byen.


Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.


Fè kretyen yo sonje yo dwe soumèt anba tout chèf ak tout otorite. Se pou yo obeyisan epi toujou pare pou fè tout sa ki byen.


Moun pa nou yo dwe aprann gen anpil zèl nan fè sa ki byen pou ede moun ki gen bezwen ki paka tann. Konsa, y ap mennen yon lavi ki gen yon bon enfliyans nan kominote a.


Pawòl sa yo se verite a. Mwen vle w kategorik sou yo, poutèt pou moun ki chita lafwa yo nan Bondye fè tout efò yo pou yo fè anpil pwogrè nan fè sa ki byen. Se kalite lavi kon sa ki bon epi itil pou tout moun.


Mennen tèt nou byen nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Konsa, menm lè yo ta bay manti di n ap fè sa ki mal, y ap oblije rekonèt bon lavi n ap mennen, y a glorifye Bondye lè li va vini.


跟着我们:

广告


广告