Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 2:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Konsa, li rasanble tout chèf sakrifikatè yo ak tout pwofesè nan lalwa Moyiz la, epi li mande yo ki kote Mesi a gen pou fèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Ewòd reyini tout chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo ki t'ap dirije pèp jwif la. Li mande yo: — Ki kote Kris la gen pou l fèt?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Li te rasanble tout chèf prèt yo avèk skrib a pèp la, e te kòmanse mande yo kote Kris la t ap fèt la.

参见章节 复制




Matye 2:4
30 交叉引用  

Li di yo ankò: “Pwofesè lalwa ki vin kwè nan mesaj wayòm syèl la se tankou yon mèt kay ki fouye nan depo li pou l chache non sèlman bagay ansyen men bagay nouvo tou.”


Pawòl sa a te lage gwo latwoublay nan tèt wa Ewòd ak nan tèt tout moun nan vil Jerizalèm.


Yo reponn li: “Nan Bètleyèm, nan rejyon Jide, dapre sa pwofèt la te ekri a:


Chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo te wè ki kalite mirak ki t ap fèt. Yo te wè kijan timoun yo ki te nan tanp lan t ap kriye: “Louanj pou Pitit David la!” Yo te vin fache anpil epi yo di Jezi:


Lè Jezi antre nan lakou tanp la epi l kòmanse anseye, chèf prèt yo avèk lidè ki t ap dirije pèp la te pwoche bò kote li. Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?”


Apre sa prèt ki gen plis otorite yo ansanm ak lidè pèp Jwif yo te reyini nan lakou Kayif, chèf ki alatèt tout prèt yo.


Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe epi baton.


Byen bonè nan maten, tout chèf prèt yo ak tout lidè Jwif yo te pran desizyon pou yo touye Jezi.


Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite.


Lè sa a, Jezi kòmanse ap anseye disip li yo Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò.


Lè chèf prèt yo ansanm ak Skrib tande Jezi rakonte istwa a, yo te konprann trè byen se de yo Jezi t ap pale. Konsa, yo t ap chache arete li menm kote a, men yo te pè reyaksyon pèp la.


Pandan tan sa a, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo pa t sispann pote anpil akizasyon kont Jezi.


Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.


Jezi di Nikodèm: “Ou se yon gwo pwofesè nan peyi Izrayèl, epi ou pa konnen bagay sa yo?


Farizyen yo te tande sa moun yo t ap di sou Jezi. Alò, chèf prèt yo mete ak Farizyen yo, yo voye kèk nan moun ki t ap fè polis nan tanp lan pou arete li.


Eskrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm yo te kenbe nan adiltè bay Jezi. Yo fòse fanm nan kanpe devan tout moun.


Foul la te pran manifeste pi fò toujou, epi kèk pwofesè lalwa ki te manm pati Farizyen yo leve kanpe epi yo kòmanse yon diskisyon ak foul la, yo di: “Nou pa jwenn nonm sa a koupab de anyen. Yon espri osinon yon anj dwe te pale ak li.”


Nan demen, chèf Jwif yo, lidè yo ki pami pèp la ansanm ak Skrib yo, yo tout te rasanble nan Jerizalèm.


Konsa, Jwif yo resi monte tèt ni pèp la, ni chèf fanmi yo, ni doktè lalwa kont Etyèn. Yo vin fache kont li. Y al kote Etyèn te ye a, yo poze lapat sou li epi yo mennen l vin devan Gran Konsèy la.


跟着我们:

广告


广告