Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 2:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Maj yo antre anndan kay la, yo wè pitit la ak manman li, Mari. Yo mete ajenou epi yo adore li. Apre sa, yo louvri valiz yo epi yo fè pitit la kado: lò, lansan, ak lami.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l, yo adore l. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami.

参见章节 复制




Matye 2:11
33 交叉引用  

Men kijan Jezikris te fèt: Mari, manman li te fiyanse ak Jozèf. Anvan dat maryaj la te rive, Jozèf vin aprann Mari te ansent pa pouvwa Sentespri Bondye.


Pandan Jezi t ap pale ak foul moun yo, manman l ak frè l yo te vin parèt. Yo te vle pale avè l.


Lè sa a, disip Jezi yo te kòmanse adore l. Yo t ap di: “Nou wè vrèman vre, ou se pitit Bondye.”


Se pa ti kontan yo te kontan lè yo te wè zetwal la parèt.


Yo te poze kesyon sa a: “Kote pitit ki dwe vin wa Juif yo? Paske, nou te wè zetwal li nan syèl la, konsa, nou vini pou adore l.”


Konsa, yo kouri ale epi yo te jwenn Mari ak Jozèf ansanm ak ti bebe a ki te kouche nan bwat an planch kote bèt yo te konn manje a.


Nan menm lè sa a, Àn pwoche bò kote yo, li kòmanse fè lwanj Bondye epi li t ap pale de Jezi ak tout moun ki t ap tann ki lè pou Bondye te vin delivre Jerizalèm.


Nikodèm te vini tou, se li menm ki te al kote Jezi nan mitan lannuit lan. Li pote yon melanj lami ak lalwa ki te trant (30) kilogram konsa.


Lè sa a, m tonbe ajenou nan pye zanj lan pou m adore l. Men li di m konsa: “Pa adore m. M se yon sèvitè menm jan avè w. M se menm ak frè avèk sè w yo k ap temwanye pou Jezi. Se Bondye pou w adore. Paske temwanyaj pou Jezi se lespri pwofesi a.”


Lè Ti Mouton fin pran woulo liv la, kat kreyati vivan yo ak 24 pèsonaj ansyen yo tonbe ajenou devan l. Yo chak te gen yon hap nan men yo. Yo te genyen plizyè bòl an ò tou, plen ak lansan, ki se priyè moun pa Bondye yo.


跟着我们:

广告


广告