Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 2:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Jezi te fèt nan yon ti vil yo rele Bètleyèm, nan rejyon Jide, sou reny wa Ewòd. Apre sa, kèk maj ki sòti an Oryan te vini Jerizalèm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Jezi te fèt Betlyèm nan Jide sou wa Ewòd. Apre li fèt, kèk espesyalis nan etid zetwal te soti peyi solèy leve, yo rive Jerizalèm.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Aprè Jésus te fin fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande;

参见章节 复制




Matye 2:1
25 交叉引用  

Malgre sa, li te tann jouktan pitit la fèt anvan l te antre nan zafè sèks ak Mari. Li rele pitit ki te fèt la Jezi.


Lè Ewòd reyalize maj yo te fè l yon move kou, se pa ti fache l te fache. Li pase lòd pou yo touye tout ti gason soti nan zewo pou rive dezan nan Bètleyèm ak nan tout zòn ozalantou l yo. Ewòd te aji dapre kalkil li te fè selon sa l te aprann nan bouch maj yo konsènan lè zetwal la te parèt la.


Apre lanmò Ewòd, yon anj Senyè a parèt devan Jozèf nan yon rèv nan peyi Ejip.


Pawòl sa a te lage gwo latwoublay nan tèt wa Ewòd ak nan tèt tout moun nan vil Jerizalèm.


Yo reponn li: “Nan Bètleyèm, nan rejyon Jide, dapre sa pwofèt la te ekri a:


Ewòd rele maj yo sou kote pou l chache konnen ki premye fwa yo te wè zetwal la.


Nan epòk wa Ewòd t ap renye sou rejyon Jide a, te gen yon sakrifikatè yo te rele Zakari. Li te fè pati yon gwoup sakrifikatè Abija t ap dirije. Madanm Zakari ki te rele Elizabèt te soti nan branch fanmi Aawon, frè Moyiz la.


Jodi a menm, Sovè nou an fèt nan lavil David la. Se li menm Senye, Mesi yo k ap delivre nou anba tout tray nou yo.


Apre sa, anj yo kite bèje yo, yo retounen nan syèl la. Lè sa a, bèje yo te pale youn ak lòt, yo te di: “Ann ale lavil Bètleyèm pou n al wè gwo evènman sa a Senyè a fè nou konnen an.”


Bib la di Kris la ap soti nan fanmi David. Epi yo di se Bètleyèm l ap soti, lavil kote David te rete a.”


跟着我们:

广告


广告