Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 15:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Apre sa, kèk farizyen ak pwofesè lalwa ki te soti Jerizalèm te pwoche bò kot Jezi pou poze l yon kesyon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Lè sa a, kèk farizyen ak dirèktè lalwa sòti Jerizalèm, yo vin bò kote Jezi. Yo di li:

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Apre sa, kèk Farizyen ak Skrib ki te sòti Jérusalem te vin kote Jésus pou mande L:

参见章节 复制




Matye 15:1
11 交叉引用  

“Pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo deklare yo gen konpetans pou entèprete Lalwa Moyiz la.


Mwen pa kache di nou: si nou pa pi fidèl nan fè sa Bondye mande pase Eskrib yo ak Farizyen yo, nou p ap antre nan wayòm Bondye a.


Doktè lalwa yo ki te soti Jerizalèm t ap di: “Se Satan ki nan tèt li. Se ak chèf demon an l ap chase demon.”


Yon jou, pandan Jezi t ap anseye pèp la, kèk Farizyen ansanm ak direktè Lalwa ki te la ap koute. Yo te soti nan tout bouk yo nan Galile, nan Jide, ak nan Jerizalèm. Senyè a te bay Jezi puisans pou l geri malad.


Lè sa a, Farizyen yo ak Skrib yo kòmanse ap reflechi, yo t ap di nan kè yo: “Kilès li ye menm k ap blasfeme kont Bondye kon sa a? Kilès moun ki gen pouvwa pou l padone peche, si se pa Bondye sèlman?”


Farizyen yo ansanm ak direktè lalwa yo t ap plenyen bay disip Jezi yo, yo t ap di: “Pouki sa n ap manje bwè ansanm ak pèseptè kontribisyon yo, ak moun k ap viv nan peche yo?”


Men ki temwanyaj Jan te bay lè lidè Jwif yo nan Jerizalèm te voye kèk Sakrifikatè ak kèk Levit al mande l: “Ki moun ou ye?”


Foul la te pran manifeste pi fò toujou, epi kèk pwofesè lalwa ki te manm pati Farizyen yo leve kanpe epi yo kòmanse yon diskisyon ak foul la, yo di: “Nou pa jwenn nonm sa a koupab de anyen. Yon espri osinon yon anj dwe te pale ak li.”


Lè Pòl parèt nan tribinal la, kolonn Jwif ki te soti Jerizalèm yo te antoure l. Yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pa t ka bay okenn prèv.


跟着我们:

广告


广告